Sòm Chapit 54

Haitian Contemporary Version

1 (3) Bondye, delivre m non avèk pouvwa ou! Fè m jistis avèk fòs kouray ou!

2 (4) Bondye, koute m non lè m'ap lapriyè! Panche zòrèy ou pou tande pawòl k'ap sòti nan bouch mwen!

3 (5) Paske gen yon seri moun awogan ki leve dèyè m, yon bann mechan ki sòti pou touye m! Yo pa menm chonje si gen Bondye!

4 (6) Men, Bondye ap vin ede m. Senyè a ap pran defans mwen.

5 (7) L'ap fè mechanste moun ki pa vle wè m yo tonbe sou tèt yo; l'ap fini nèt ak yo paske l'ap toujou kenbe pawòl li.

6 (8) Senyè, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou ak kè kontan, m'a fè lwanj ou, paske ou bon pou mwen.

7 (9) Ou delivre m anba tray mwen te ye a; ou fè m wè lènmi m yo pèdi batay la.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis