Sòm Chapit 54
Haitian Contemporary Version
1
(3) Bondye, delivre m non avèk pouvwa ou! Fè m jistis avèk fòs kouray ou!
2
(4) Bondye, koute m non lè m'ap lapriyè! Panche zòrèy ou pou tande pawòl k'ap sòti nan bouch mwen!
3
(5) Paske gen yon seri moun awogan ki leve dèyè m, yon bann mechan ki sòti pou touye m! Yo pa menm chonje si gen Bondye!
4
(6) Men, Bondye ap vin ede m. Senyè a ap pran defans mwen.
5
(7) L'ap fè mechanste moun ki pa vle wè m yo tonbe sou tèt yo; l'ap fini nèt ak yo paske l'ap toujou kenbe pawòl li.
6
(8) Senyè, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou ak kè kontan, m'a fè lwanj ou, paske ou bon pou mwen.
7
(9) Ou delivre m anba tray mwen te ye a; ou fè m wè lènmi m yo pèdi batay la.
Refere pa 11
Referans kwa: OpenBible.info · CC BY 4.0
Vèsè Jou a
"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."
— Sòm 119:105
Wè vèsè konplè →Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a
Enskri gratis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol