Sòm Chapit 62

Haitian Contemporary Version

1 (2) Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen.

2 (3) Se li menm ase k'ap pwoteje m, k'ap delivre m. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m.

3 (4) Kilè na sispann tonbe ansanm sou do yon moun pou n chache lage l atè tankou yon miray ki tou panche, tankou yon lantouray k'ap tonbe?

4 (5) Wi, yo pa gen lòt lide nan tèt yo pase fè l pèdi gwo plas kote li ye a. Yo pran plezi nan bay manti. Yo louvri bouch yo pou mande benediksyon, men nan kè yo, se madichon y'ap bay.

5 (6) Wi, se sou Bondye ase pou m konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen.

6 (7) Se li menm sèlman k'ap pwoteje m, k'ap delivre m. Se li ki tout defans mwen, li p'ap janm kite anyen rive m.

7 (8) Se Bondye k'ap delivre m. Se li menm k'ap fè yo respekte m. Se li menm ki tout fòs mwen, l'ap pran defans mwen. Se li menm ki tout pwoteksyon mwen.

8 (9) Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou.

9 (10) Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a.

10 (11) Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l pran nanm nou.

11 (12) An de fwa, men sa m tande Bondye di: — Se nan men m pouvwa rete.

12 (13) Wi, Senyè, ou gen bon kè, paske w'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis