Sòm Chapit 47

Haitian Contemporary Version

1 (2) Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Senyè a! Rele ak kè kontan!

2 (3) Paske, Senyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè.

3 (4) Li fè nou donminen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou.

4 (5) Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo.

5 (6) Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan.

6 (7) Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li!

7 (8) Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li!

8 (9) Bondye donminen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fòtèy ki apa pou li a.

9 (10) Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm ak pèp Bondye Abraram lan, paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo. L'ap donminen sou tout bagay.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis