Sòm Chapit 93

Haitian Contemporary Version

1 Senyè a ap gouvènen. Gade jan li gen pouvwa! Gade jan li gen fòs! Latè kanpe fèm nan plas li, anyen pa ka brannen l.

2 Senyè, gouvènman ou lan chita fèm depi nan tan lontan. Ou menm, ou la depi tout tan.

3 Larivyè yo desann, Senyè, larivyè yo ap fè bri. Larivyè yo desann, y'ap fè gwo bri.

4 Men, Senyè a se sèl chèf nan syèl la. Li gen plis pouvwa pase lanmè a ki fin debòde, li pi fò pase lanm lanmè yo k'ap fè bri.

5 Senyè, kòmandman ou yo la pou tout tan. Kay ou se yon kay ki apa pou ou pou tout tan tout tan.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis