Sòm Chapit 61

Haitian Contemporary Version

1 (2) Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou!

2 (3) Kè m kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.

3 (4) Paske, se ou k'ap pwoteje m, se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m yo.

4 (5) Mwen ta renmen pase tout lavi m lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou.

5 (6) Bondye, ou tande pwomès mwen fè. Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan.

6 (7) Mete kèk jou sou lavi wa a: Se pou l viv lontan lontan ankò.

7 (8) Se pou l gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l.

8 (9) Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m te pwomèt ou a.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis