Sòm Chapit 61
Haitian Contemporary Version
1
(2) Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou!
2
(3) Kè m kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.
3
(4) Paske, se ou k'ap pwoteje m, se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m yo.
4
(5) Mwen ta renmen pase tout lavi m lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou.
5
(6) Bondye, ou tande pwomès mwen fè. Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan.
6
(7) Mete kèk jou sou lavi wa a: Se pou l viv lontan lontan ankò.
7
(8) Se pou l gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l.
8
(9) Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m te pwomèt ou a.
Refere pa 8
Referans kwa: OpenBible.info · CC BY 4.0
Vèsè Jou a
"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."
— Sòm 119:105
Wè vèsè konplè →Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a
Enskri gratis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol