Sòm Chapit 41

Haitian Contemporary Version

1 (2) Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Senyè a va delivre l lè l'a nan tray.

2 (3) Senyè a va pwoteje l, li p'ap kite l mouri. L'ap fè l viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l nan men lènmi l yo pou yo fè sa yo vle avè l.

3 (4) Senyè a va ba l fòs lè maladi fè l pran kabann. Senyè a va ba l gerizon lè li malad kouche.

4 (5) Mwen menm, mwen te di: Senyè, gen pitye pou mwen. Geri mwen, paske mwen te peche kont ou.

5 (6) Lènmi m yo ap pale m mal. Y'ap di: Kilè l'a mouri? Kilè y'a bliye l?

6 (7) Moun ki vin wè m yo, se yon bann ipokrit. Se ranmase yo vin ranmase tout kalite move nouvèl. Sòti yo sòti, yo pwonmennen rakonte yo toupatou.

7 (8) Tout moun ki pa vle wè m yo mete tèt yo ansanm pou pale nan zòrèy sou mwen. Yo kwè m fini, nanpwen renmèd pou mwen. Y'ap fè yon pakèt vye lide sou mwen.

8 (9) Y'ap di: Mesye kondannen. Kote l kouche a, nanpwen leve pou li ankò.

9 (10) Ata pi bon zanmi m lan, moun mwen te fè konfyans anpil la, moun ki te konn manje nan menm plat avè m lan, ata li menm, li trayi m.

10 (11) Men ou menm, Senyè, gen pitye pou mwen. Mete m sou de pye m ankò, pou m ka ba yo sa yo merite.

11 (12) M'a konnen ou kontan avè m vre si m wè lènmi m yo pa banboche sou do m.

12 (13) Wi, w'ap soutni m, paske mwen pa fè anyen ki mal. W'ap fè m kanpe la devan ou pou tout tan.

13 (14) Ann fè lwanj Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Ann fè lwanj li pou tout tan. Amèn! Se vre!

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis