chevron_left chevron_right

Sòm Chapit 125

Bible en Créole Haïtien (BSA)

1 Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion, ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.

2 Kon mòn antoure Jérusalem yo, se konsa SENYÈ a antoure pèp Li a depi moman sa a, e jis rive pou tout tan.

3 Paske baton wayal plen mechanste p ap poze sou peyi a moun ladwati yo, jis pou moun dwat yo pa leve men yo pou fè mal.

4 Fè byen, SENYÈ, a sila ki bon yo, ak sila ki dwat nan kè yo.

5 Men pou sila ki vire akote pou chemen kwochi pa yo, SENYÈ a va mennen yo sòti avèk sila ki fè inikite yo. Ke lapè rete sou Israël.

Vèsè Jou a

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Wè vèsè konplè →

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove vèsè yo

Enskri