chevron_left chevron_right

Sòm Chapit 57

Bible en Créole Haïtien (BSA)

1 Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras, paske nanm mwen kache nan Ou. Wi, nan lonbraj a zèl Ou, mwen va kache, jiskaske destriksyon an fin pase.

2 Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a, a Bondye ki acheve tout sa m mande an.

3 Li va voye sòti nan syèl la pou sove mwen. Li fè repwòch a sila ki foule mwen an. Tan Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li.

4 Nanm mwen rete pami lyon yo. Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo. Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file, epi lang yo kon yon epe file.

5 Leve anwo syèl yo, O Bondye; Kite glwa Ou vin pi wo sou tout latè!

6 Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo; Nanm mwen koube ba. Yo te fouye yon fòs devan m. Yo te tonbe nan mitan li. Tan

7 Kè m kanpe fèm, O Bondye, kè m fèm. Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!

8 Leve, glwa mwen! Leve ap avèk gita! Mwen va fè maten vin leve.

9 Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo. Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.

10 Paske lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo, epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.

11 Leve anwo syèl yo, O Bondye. Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè.

Vèsè Jou a

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Wè vèsè konplè →

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove vèsè yo

Enskri