2 Wa Chapit 24

Haitian Contemporary Version

1 Pandan reny Jojakim lan, Nebikadneza, wa peyi Babilòn, anvayi peyi Jida. Pandan twazan Jojakim soumèt devan li. Apre sa, li konmanse kenbe tèt avè l.

2 Lè sa a, Senyè a voye ansasen sòti nan peyi Babilòn, nan peyi Siri, nan peyi Mowab ak nan peyi Amon vin dèyè Jojakim. Li lage yo nan peyi Jida a pou yo fini avè l dapre sa Senyè a te di nan bouch pwofèt yo, sèvitè l yo.

3 Sa te rive peyi Jida a paske Senyè a te vle wete pèp peyi Jida a devan je l poutèt peche wa Manase te fè yo,

4 ak pou kantite moun inonsan li te touye jouk tout lari Jerizalèm te plen san. Senyè a pat vle padonnen ankò.

5 Tout rès istwa Jojakim lan, sa li te fè yo, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.

6 Lè Jojakim mouri se Jojakin, pitit gason li a, ki moute wa nan plas li.

7 Wa peyi Lejip la pa janm sòti kite peyi l la ankò, paske wa peyi Babilòn lan te pran tout zòn ki te pou wa peyi Lejip la, depi larivyè Lefrat rive nan ravin Lejip.

8 Jojakin te gen dizwitan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. Manman l te rele Neouchta. Se te pitit fi Elnatan, moun lavil Jerizalèm.

9 Li fè sa ki mal devan Senyè a tankou papa l.

10 Se sou reny li lame Nebikadneza, wa peyi Babilòn lan, te mache sou lavil Jerizalèm. Yo sènen lavil la.

11 Pandan lame a te sènen lavil la, Nebikadneza vin atake lavil la li menm menm.

12 Lè sa a, Jojakin, wa peyi Jida a, al rann tèt li bay wa Babilòn lan ansanm ak manman l, pitit gason l yo, chèf lame l yo ak chèf palè li yo. Wa a fè yo tout prizonye. Lè sa a, Nebikadneza t'ap mache sou witan depi li te wa.

13 Li pran tout richès ki te nan Tanp Senyè a ak nan palè wa a. Li kraze tout bèl bagay lò, Salomon, wa Izrayèl la, te fè pou sèvi nan Tanp Senyè a, jan Senyè a te konn fè sa depi lontan an.

14 Nebikadneza depòte dènye moun ki te lavil Jerizalèm, tout chèf yo, tout grannèg yo, li depòte tout atizan yo ak tout bòs fòjon yo. Sa te fè dimil (10.000) moun antou. Se moun pòv yo ase li kite nan peyi Jida a.

15 Nebikadneza fè Jojakin prizonye ansanm ak manman l, madanm li yo, chèf nan gouvènman l yo ak tout grannèg peyi Jida yo. Li depòte yo, li pran yo lavil Jerizalèm li mennen yo peyi Babilòn.

16 Wa peyi Babilòn lan te depòte antou sètmil (7.000) prizonye nan peyi Babilòn, ansanm ak mil atizan ak bòs fòjon san konte vanyan gason ki te ka fè lagè.

17 Apre sa, Nebikadneza pran Matanya, tonton wa Jojakin, li mete l wa nan peyi Jida. Li chanje non l, li rele l Sedesyas.

18 Sedesyas te gen venteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li pase onzan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna.

19 Wa Sedesyas te fè sa ki mal devan Bondye menm jan ak Jojakin.

20 Se konsa, Senyè a te fache ni sou moun lavil Jerizalèm yo, ni sou moun peyi Jida yo jouk jou li wete yo devan je l. Men, rive yon lè Sedesyas derefize soumèt devan Nebikadneza, wa Babilòn lan.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis