Egzòd Chapit 12

Haitian Contemporary Version

1 Antan Moyiz ak Arawon te nan peyi Lejip la, Senyè a di yo:

2 — Se mwa sa a k'ap premye mwa pou nou nan lanne a. Se li menm k'ap anvan tout lòt mwa yo.

3 Pale tout moun pèp Izrayèl la. Di yo: Sou dizyèm jou mwa sa a, n'a pran yon ti mouton pou chak fanmi, tande byen wi, yon ti mouton pou chak kay.

4 Si pa gen kont moun nan kay la pou manje tout ti mouton an, se pou yo mete tèt yo ansanm ak vwazinay ki pi pre kay la. N'a kalkile kantite moun ki nesesè pou manje mouton an, sa chak moun ka manje.

5 Se pou ti bèt nou chwazi a yon timal ki gen ennan, epi ki pa gen okenn enfimite, li te mèt mouton, li te mèt kabrit.

6 N'a gade l apa jouk sou katòzyèm jou mwa a. Jou sa a, nan aswè, tout moun Izrayèl yo va touye ti bèt la anvan li fin fè nwa.

7 N'a pran ti gout nan san bèt la, n'a pase l sou de chanbrann pòt kay la ansanm ak sou travès lento pòt la, nan kay kote n'ap manje ti bèt la.

8 Menm nwit sa a, n'a boukannen vyann lan. Apre sa, n'a manje l avèk pen ki fèt san ledven epi ak fèy lanman.

9 Piga nou manje vyann lan ni manke kwit ni bouyi. Se boukannen pou nou boukannen l tout ankè ak tout tonbe a.

10 Pa kite anyen pou denmen maten. Si rete rès, se pou nou boule l nan dife.

11 Men ki jan pou nou ranje kò nou pou nou manje l: n'a mare ren nou, sapat nou nan pye nou, baton nou nan men nou. Se pou nou manje l prese prese, paske se lè sa a Senyè a ap pase.

12 Jou lannwit sa a, m'ap pase nan tout peyi Lejip la, m'ap touye tout premye pitit gason ak tout premye pitit bèt yo ki nan peyi a. M'ap regle tout bondye peyi Lejip yo. Se mwen menm ki Senyè a.

13 San nou pase sou pòt yo va make kay kote nou ye a. Lè m'a wè san an, m'a sote kay nou. Konsa, lè m'ap frape peyi Lejip la, chatiman an p'ap tonbe sou nou tou.

14 Jou sa a, se yon jou pou nou pa janm bliye. Se pou nou fete l tankou yon fèt pou Senyè a, chak lè lè a va rive. Se pou nou pase yon lwa pou nou toujou fete fèt sa a, nou menm ak tout pitit pitit nou yo.

15 Pandan sèt jou, se pou nou manje pen ki fèt san ledven. Depi premye jou nan mwa a, n'a wete tout ledven anndan lakay nou, paske depi premye jou a, rive sou setyèm jou a, si yon moun gen malè manje pen ki gen ledven ladan l, se pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la.

16 Sou premye jou a ak sou setyèm jou a, n'a reyini pou nou lapriyè. Jou sa yo, nou p'ap fè okenn travay. Manje ase n'a fè pou tout moun manje.

17 N'a toujou fete fèt pen san ledven an, paske se jou sa a mwen te fè tout lame moun nou yo sòti kite peyi Lejip. N'a toujou fete fèt sa a, de pitit an pitit tankou yon lwa ki la pou tout tan.

18 Nan premye mwa a, depi katòzyèm jou a nan aswè rive jouk sou venteyinyèm jou a nan aswè tou, se pen san ledven pou nou manje.

19 Pandan sèt jou sa yo, p'ap gen ledven lakay nou, paske nenpòt moun ki va gen malè manje pen ki gen ledven, yo gen pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la, kit se yon etranje, kit se yonn nan nou.

20 Se pa pou nou manje pen ki gen ledven. Lakay nou, se pou tout moun manje pen san ledven.

21 Moyiz rele tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, li di yo: — Se pou chak moun al chache yon ti mouton osinon yon ti kabrit pou yo touye pou fèt delivrans lan pou fanmi nou.

22 Apre sa, n'a pran yon branch izòp, n'a tranpe l nan kivèt ki gen san bèt la. N'a pase l sou de chanbrann pòt la ak sou travès lento a. Apre sa, piga pèsonn sòti dèyò lakay yo jouk li jou.

23 Konsa, lè Senyè a va pase nan peyi Lejip la pou touye moun peyi Lejip yo, l'a wè san an sou chanbrann yo ak sou lento a, l'ap pase devan pòt la, li p'ap kite moun ki reskonsab pou touye a antre lakay nou pou touye nou.

24 N'a fè tout bagay sa yo sèvi tankou yon lwa ki la pou tout tan, ni pou nou ni pou pitit nou yo.

25 Lè n'a antre nan peyi Senyè a pral ban nou an, jan l te pwomèt la, se pou nou toujou fè seremoni sa a.

26 Lè timoun nou yo va mande nou sa seremoni sa a vle di,

27 n'a reponn yo: Se fèt Delivrans lan n'ap fete pou Senyè a, paske li te sote kay moun pèp Izrayèl yo nan peyi Lejip, lè li t'ap touye moun peyi Lejip yo. Konsa li pat fè nou anyen. Apre tout pawòl sa yo, tout moun pèp Izrayèl yo met ajenou, yo bese tèt yo atè pou adore Senyè a.

28 Lèfini, yo leve, y ale, yo fè tou sa Senyè a te bay Moyiz ak Arawon lòd fè a. Wi, yo fè tout bagay jan li te bay lòd la.

29 Nan mitan lannwit, Senyè a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fòtèy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bèt yo tou te mouri.

30 Jou lannwit sa a, farawon an leve, li menm, tout chèf li yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la. Yon gwo rèl pete toupatou nan peyi Lejip, paske pat gen yon kay ki pat gen lanmò.

31 Nan mitan lannwit lan, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: — Leve, ale fè wout nou! Wete kò nou nan mitan pèp mwen an, nou menm ansanm ak moun pèp Izrayèl la. Ale, mwen di nou. Al fè sèvis pou Senyè a jan nou te di a.

32 Nou mèt pran mouton nou ak bèf nou yo, jan nou te di l la. Epi mande Bondye pou l beni mwen.

33 Moun peyi Lejip yo te cho cho dèyè moun pèp Izrayèl yo pou fè yo prese kite peyi a. Yo t'ap di: — Si nou pa ale, nou tout ap mouri!

34 Se konsa pèp Izrayèl la pran pat farin lan san yo pat ankò mete ledven ladan l. Yo mete yo sou platin fou yo, yo vlope yo nan rad yo, yo mete yo sou zepòl yo.

35 Moun pèp Izrayèl yo te fè sa Moyiz te di yo a. Yo mande moun peyi Lejip yo bijou an ajan, bijou an lò ansanm ak rad.

36 Senyè a te fè moun peyi Lejip yo gen kè sansib pou pèp Izrayèl la. Yo ba yo tou sa yo te mande. Se konsa pèp Izrayèl la pran tout bagay moun peyi Lejip yo.

37 Moun Izrayèl yo pati kite Ramsès pou Soukòt. Te gen sisanmil gason konsa, san konte fanm ak timoun. Yo tout te apye.

38 Te gen anpil moun lòt peyi tou ki te pati ansanm ak yo. Te gen anpil mouton, kabrit ak bèf tou.

39 Avèk pat farin yo te pote sòti peyi Lejip la, yo fè pen. Pen yo te san ledven, paske yo te prese mete yo deyò nan peyi Lejip la. Yo pat menm gentan fè povizyon.

40 Moun pèp Izrayèl yo te pase katsantrantan nan peyi Lejip la.

41 Menm jou ki te fè yo katsantrantan nan peyi a, jou pou jou, tout lame moun Senyè a sòti kite peyi Lejip la.

42 Se te yon jou lannwit. Senyè a te pase tout nwit la ap veye pou fè yo sòti kite peyi Lejip la. Se poutèt sa, se pou yo mete nwit sa a apa pou yo fè veye pou Senyè a. Se bagay pou yo toujou fè de pitit an pitit.

43 Senyè a di Moyiz ak Arawon konsa: — Men prensip pou fete fèt Delivrans lan. Okenn moun lòt nasyon pa gendwa patisipe nan manje fèt la.

44 Domestik nou achte pou sèvis lakay nou, lè nou fin sikonsi yo, yo mèt patisipe.

45 Moun lòt nasyon ki depasay lakay nou, tavayè ki la pou lajan yo lakay nou, yo pa gendwa patisipe.

46 Se pou nou manje manje a anndan kay. Piga pyès manje soti deyò. Nou pa fèt pou nou kraze okenn zo nan vyann bèt nou touye pou nou manje jou sa a.

47 Se pou tout pèp Izrayèl la nèt fete fèt la.

48 Si gen moun lòt nasyon nan peyi a ki vle nan fèt la, se pou li sikonsi tout gason lakay li nèt epi, apre sa, l'a gendwa vanse pou li patisipe. Yo va konsidere li pou moun natif-natal pèp Izrayèl la. Pyès gason ki pa sikonsi pa gendwa patisipe nan manje fèt la.

49 Prensip sa yo la pou tout moun. Kit se etranje, kit se moun natif-natal k'ap viv nan peyi nou an.

50 Tout moun pèp Izrayèl yo te swiv lòd la, yo te fè sa Senyè a te bay Moyiz ak Arawon lòd fè a.

51 Se jou sa a Senyè a te fè tout lame moun Izrayèl yo sòti kite peyi Lejip la.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis