Esdras Chapit 2
Haitian Contemporary Version
1
Men lis moun ki te kite peyi Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo moun. Se moun sa yo wa Nebikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn.
2
Men moun ki te alatèt yo: Se te Zowobabèl, Jozye, Neyemi, Seraja, Reelaja, Madoche, Bilchan, Mispa, Bigwayi, Reyoum ak Baana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak fanmi:
3
Nan fanmi Pareòch yo, demilsanswasanndouz (2.172) moun.
6
Nan fanmi Pakat-Mowab yo, pitit pitit Jechwa ak Joab, demilwitsandouz (2.812) moun.
7
Nan fanmi Elam yo, mildesansenkannkat (1.254) moun.
21
Men lis moun ki te tounen dapre non lavil kote yo moun: Pou lavil Betleyèm, sanvenntwa (123) moun.
Referans kwaze
1Kw 2:50-52
25
Pou lavil Kiriyat-Jearim ansanm ak pou lavil Kefera ak pou lavil Beewòt, sètsankaranntwa (743) moun.
26
Pou lavil Arama ak pou lavil Geba, sisanventeyen (621) moun.
28
Pou lavil Betèl ak pou lavil Ayi, desanvenntwa (223) moun.
30
Pou lavil Magbich, sansenkannsis (156) moun.
33
Pou lavil Lòd ansanm ak pou lavil Adid ak lavil Ono, sètsanvennsenk (725) moun.
36
Men lis prèt ki te tounen, dapre non fanmi yo: Nan pitit Jedaja, ki sòti nan branch Jozye a, nèfsanswasanntrèz (973) moun.
40
Men lis moun Levi ki te tounen yo: Nan pitit Jechwa ak pitit Kadmyèl, ki sòti nan branch fanmi Odavya a, swasannkatòz moun.
41
Te gen sanvenntwit (128) sanba ki konn chante ak fè mizik nan Tanp lan ki te tounen. Yo sòti nan branch fanmi Asaf.
42
Te gen santrantnèf (139) moun ki pou sèvi gad nan pòtay Tanp lan. Yo sòti nan branch fanmi Chaloum, branch fanmi Atè, branch fanmi Talmon, branch fanmi Akoub, branch fanmi Atita ak branch fanmi Chobayi.
43
Men lis moun yo te bay pou travay nan Tanp Bondye a epi ki te tounen nan peyi a: moun fanmi Sika, moun fanmi Asoufa ak moun fanmi Tabayòt,
46
moun fanmi Agad, moun fanmi Chamlayi ak moun fanmi Anan,
47
moun fanmi Gidèl, moun fanmi Gaka ak moun fanmi Reaja,
48
moun fanmi Rezin, moun fanmi Nekoda ak moun fanmi Gazam,
51
moun fanmi Bakbouk, moun fanmi Akoufa ak moun fanmi Awou,
54
moun fanmi Nezyak ak moun fanmi Atifa.
55
Men lis moun nan branch fanmi domestik Salomon yo ki te tounen nan peyi a: moun fanmi Sotayi, moun fanmi Asoferèt ak moun fanmi Pewouda,
57
moun fanmi Chefatya, moun fanmi Atil, moun fanmi Pokerèt Azebayim ak moun fanmi Ami.
Referans kwaze
Ney 7:59
58
Konsa, men kantite moun ki sòti nan fanmi travayè Tanp lan ak domestik Salomon yo: antou sa te fè twasankatrevenndouz (392).
59
Men, te gen yon seri moun ki sòti nan lavil Tèl Melak, lavil Tèl Acha, lavil Kewoub Adan, lavil Imè ki te moun nan peyi Babilòn epi ki te moute ansanm ak tout moun sa yo, atout yo pat ka fè konnen non zansèt yo ak non fanmi yo pou wè si yo te fè pati pèp Izrayèl la vre.
Referans kwaze
Ney 7:61
60
Se te pitit Delaya, pitit Tobija ak pitit Nekoda: antou sisansenkannde (652) moun.
Referans kwaze
Ney 7:62
61
Konsa tou, pami prèt yo te gen moun fanmi Abaya, moun fanmi Akòz ak moun fanmi Bazilayi. Zansèt Bazilayi sa yo te marye ak yon fanm nan fanmi Bazilayi, moun Galarad. Se konsa yo te pran non papa manman yo.
62
Sa ki pat ka jwenn rejis pou moutre ki moun ki zansèt yo, yo pat asepte yo pou prèt.
63
Gouvènè jwif la te di yo yo pat kapab manje nan manje yo mete apa pou Bondye a toutotan pat gen prèt ki konn sèvi ak Ourim yo ansanm ak Tourim yo pou wè sa Bondye vle.
64
Antou nèt, te gen karanndemil twasanswasant (42.360) moun ki tounen nan peyi a.
65
Avèk yo te gen sètmil twasantrannsèt (7.337) gason ak fanm ki te sèvi yo domestik. Te gen tou desan (200) gason ak fanm ki te konn fè mizik ak chante.
66
Te gen sètsanswasannsis (766) chwal, desankarannsenk (245) milèt,
67
katsantrannsenk chamo (435) ak simil sètsanven (6.720) bourik.
68
Lè yo rive nan Tanp Senyè a, lavil Jerizalèm, gen kèk chèf fanmi ki fè ofrann pa yo pou ede rebati Tanp lan sou menm anplasman kote li te ye a.
69
Yo bay tou sa yo te ka bay pou travay la: sèzmil senksanven (16.520) ons lò, sandisètmil (117.000) ons ajan ak san (100) gwo rad pou prèt yo mete sou yo.
70
Prèt yo, moun Levi yo ak kèk moun nan pèp la al rete lavil Jerizalèm ak nan vwazinay lavil la. Mizisyen yo, gad yo ak travayè Tanp yo al rete nan lavil ki pa twò lwen kapital la. Tout rès pèp Izrayèl la al rete nan lavil kote yo moun.
Refere pa 6
Referans kwa: OpenBible.info · CC BY 4.0
Vèsè Jou a
"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."
— Sòm 119:105
Wè vèsè konplè →Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a
Enskri gratis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol