MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

Esdras Chapit 2

Haitian Contemporary Version

1 Men lis moun ki te kite peyi Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo moun. Se moun sa yo wa Nebikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn.
2 Men moun ki te alatèt yo: Se te Zowobabèl, Jozye, Neyemi, Seraja, Reelaja, Madoche, Bilchan, Mispa, Bigwayi, Reyoum ak Baana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak fanmi:
3 Nan fanmi Pareòch yo, demilsanswasanndouz (2.172) moun.
Referans kwaze
. Pa prezan nan vèsyon sa a Esd 10:25 Ney 7:8
4 Nan fanmi Chefatya yo, twasanswasanndouz (372) moun.
Referans kwaze
Ney 7:9 Esd 8:8
5 Nan fanmi Arak yo, sètsanswasannkenz (775) moun.
Referans kwaze
Ney 7:10 Ney 6:18
6 Nan fanmi Pakat-Mowab yo, pitit pitit Jechwa ak Joab, demilwitsandouz (2.812) moun.
7 Nan fanmi Elam yo, mildesansenkannkat (1.254) moun.
8 Nan fanmi Zatou yo, nèfsankarannsenk (945) moun.
Referans kwaze
Ney 7:13 Esd 10:27
9 Nan fanmi Zakayi yo, sètsanswasant (760) moun.
Referans kwaze
Ney 7:14
10 Nan fanmi Bani yo, sisankarannde (642) moun.
Referans kwaze
Esd 10:34 Ney 7:15
11 Nan fanmi Bebayi yo, sisanvenntwa (623) moun.
12 Nan fanmi Azgad yo, mildesanvennde (1.222) moun.
Referans kwaze
Ney 7:17 Esd 8:12
13 Nan fanmi Adonikam yo, sisanswasannsis (666) moun.
Referans kwaze
Esd 8:13 Ney 7:18
14 Nan fanmi Bigwayi yo, demilsenkannsis (2.056) moun.
Referans kwaze
Esd 8:14 Ney 7:19
15 Nan fanmi Aden yo, katsansenkannkat (454) moun.
Referans kwaze
Ney 7:20 Esd 8:6
16 Nan fanmi Atè yo, (anvan sa Atè te rele Ezekyas) katrevenndizwit moun.
Referans kwaze
Ney 7:21
17 Nan fanmi Betzayi yo, twasanvenntwa (323) moun.
Referans kwaze
Ney 7:23
18 Nan fanmi Jora yo, sandouz (112) moun.
Referans kwaze
Ney 7:24
19 Nan fanmi Achoum yo, desanvenntwa (223) moun.
Referans kwaze
Ney 7:22 Esd 10:33
20 Nan fanmi Giba yo, katrevennkenz moun.
Referans kwaze
Ney 7:25
21 Men lis moun ki te tounen dapre non lavil kote yo moun: Pou lavil Betleyèm, sanvenntwa (123) moun.
Referans kwaze
1Kw 2:50-52
22 Pou lavil Netofa, senkannsis moun.
23 Pou lavil Anatòt, sanvenntwit (128) moun.
24 Pou lavil Azmavèt, karannde moun.
Referans kwaze
Ney 7:28
25 Pou lavil Kiriyat-Jearim ansanm ak pou lavil Kefera ak pou lavil Beewòt, sètsankaranntwa (743) moun.
Referans kwaze
Joz 9:17 Ney 7:29
26 Pou lavil Arama ak pou lavil Geba, sisanventeyen (621) moun.
Referans kwaze
Joz 18:24-25 Ney 7:30
27 Pou lavil Mikmas, sanvennde (122) moun.
28 Pou lavil Betèl ak pou lavil Ayi, desanvenntwa (223) moun.
29 Pou lavil Nebo, senkannde moun.
30 Pou lavil Magbich, sansenkannsis (156) moun.
31 Pou lòt lavil Elam lan, mildesansenkannkat (1.254) moun.
Referans kwaze
Esd 2:7 Ney 7:34
32 Pou lavil Arim, twasanven (320) moun.
Referans kwaze
Ney 7:35 Esd 10:31
33 Pou lavil Lòd ansanm ak pou lavil Adid ak lavil Ono, sètsanvennsenk (725) moun.
34 Pou lavil Jeriko, twasankarannsenk (345) moun.
35 Pou lavil Senaa, twamilsisantrant (3.630) moun.
Referans kwaze
Ney 7:38
36 Men lis prèt ki te tounen, dapre non fanmi yo: Nan pitit Jedaja, ki sòti nan branch Jozye a, nèfsanswasanntrèz (973) moun.
37 Nan pitit Imè yo, milsenkannde (1.052) moun.
38 Nan pitit Pachou yo, mildesankarannsèt (1.247) moun.
39 Nan pitit Arim yo, mildisèt (1.017) moun.
40 Men lis moun Levi ki te tounen yo: Nan pitit Jechwa ak pitit Kadmyèl, ki sòti nan branch fanmi Odavya a, swasannkatòz moun.
Referans kwaze
Esd 3:9 Ney 7:43
41 Te gen sanvenntwit (128) sanba ki konn chante ak fè mizik nan Tanp lan ki te tounen. Yo sòti nan branch fanmi Asaf.
42 Te gen santrantnèf (139) moun ki pou sèvi gad nan pòtay Tanp lan. Yo sòti nan branch fanmi Chaloum, branch fanmi Atè, branch fanmi Talmon, branch fanmi Akoub, branch fanmi Atita ak branch fanmi Chobayi.
43 Men lis moun yo te bay pou travay nan Tanp Bondye a epi ki te tounen nan peyi a: moun fanmi Sika, moun fanmi Asoufa ak moun fanmi Tabayòt,
44 moun fanmi Kewòs, moun fanmi Siyaa ak moun fanmi Padon,
Referans kwaze
Ney 7:47
45 moun fanmi Lebana, moun fanmi Agaba ak moun fanmi Akoub,
Referans kwaze
Ney 7:48
46 moun fanmi Agad, moun fanmi Chamlayi ak moun fanmi Anan,
47 moun fanmi Gidèl, moun fanmi Gaka ak moun fanmi Reaja,
48 moun fanmi Rezin, moun fanmi Nekoda ak moun fanmi Gazam,
49 moun fanmi Ouza, moun fanmi Paseyak ak moun fanmi Besayi,
Referans kwaze
Ney 7:51
50 moun fanmi Asna, moun fanmi Neounen ak moun fanmi Nefisim,
Referans kwaze
Ney 7:52
51 moun fanmi Bakbouk, moun fanmi Akoufa ak moun fanmi Awou,
52 moun fanmi Baslout, moun fanmi Mechisa ak moun fanmi Acha,
Referans kwaze
Ney 7:54
53 moun fanmi Bakòs, moun fanmi Sizera ak moun fanmi Tamak,
Referans kwaze
Ney 7:55
54 moun fanmi Nezyak ak moun fanmi Atifa.
55 Men lis moun nan branch fanmi domestik Salomon yo ki te tounen nan peyi a: moun fanmi Sotayi, moun fanmi Asoferèt ak moun fanmi Pewouda,
Referans kwaze
. Pa prezan nan vèsyon sa a Ney 7:57
56 moun fanmi Jaala, moun fanmi Dakon ak moun fanmi Gidèl,
Referans kwaze
Ney 7:58
57 moun fanmi Chefatya, moun fanmi Atil, moun fanmi Pokerèt Azebayim ak moun fanmi Ami.
Referans kwaze
Ney 7:59
58 Konsa, men kantite moun ki sòti nan fanmi travayè Tanp lan ak domestik Salomon yo: antou sa te fè twasankatrevenndouz (392).
Referans kwaze
1Kw 9:2 . Pa prezan nan vèsyon sa a Joz 9:21 wè tout (8)
59 Men, te gen yon seri moun ki sòti nan lavil Tèl Melak, lavil Tèl Acha, lavil Kewoub Adan, lavil Imè ki te moun nan peyi Babilòn epi ki te moute ansanm ak tout moun sa yo, atout yo pat ka fè konnen non zansèt yo ak non fanmi yo pou wè si yo te fè pati pèp Izrayèl la vre.
Referans kwaze
Ney 7:61
60 Se te pitit Delaya, pitit Tobija ak pitit Nekoda: antou sisansenkannde (652) moun.
Referans kwaze
Ney 7:62
61 Konsa tou, pami prèt yo te gen moun fanmi Abaya, moun fanmi Akòz ak moun fanmi Bazilayi. Zansèt Bazilayi sa yo te marye ak yon fanm nan fanmi Bazilayi, moun Galarad. Se konsa yo te pran non papa manman yo.
62 Sa ki pat ka jwenn rejis pou moutre ki moun ki zansèt yo, yo pat asepte yo pou prèt.
63 Gouvènè jwif la te di yo yo pat kapab manje nan manje yo mete apa pou Bondye a toutotan pat gen prèt ki konn sèvi ak Ourim yo ansanm ak Tourim yo pou wè sa Bondye vle.
64 Antou nèt, te gen karanndemil twasanswasant (42.360) moun ki tounen nan peyi a.
65 Avèk yo te gen sètmil twasantrannsèt (7.337) gason ak fanm ki te sèvi yo domestik. Te gen tou desan (200) gason ak fanm ki te konn fè mizik ak chante.
66 Te gen sètsanswasannsis (766) chwal, desankarannsenk (245) milèt,
67 katsantrannsenk chamo (435) ak simil sètsanven (6.720) bourik.
68 Lè yo rive nan Tanp Senyè a, lavil Jerizalèm, gen kèk chèf fanmi ki fè ofrann pa yo pou ede rebati Tanp lan sou menm anplasman kote li te ye a.
69 Yo bay tou sa yo te ka bay pou travay la: sèzmil senksanven (16.520) ons lò, sandisètmil (117.000) ons ajan ak san (100) gwo rad pou prèt yo mete sou yo.
70 Prèt yo, moun Levi yo ak kèk moun nan pèp la al rete lavil Jerizalèm ak nan vwazinay lavil la. Mizisyen yo, gad yo ak travayè Tanp yo al rete nan lavil ki pa twò lwen kapital la. Tout rès pèp Izrayèl la al rete nan lavil kote yo moun.

Refere pa 8

Referans kwa: OpenBible.info · CC BY 4.0

Vèsè Jou a

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Wè vèsè konplè →

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove vèsè yo

Enskri