Estè Chapit 10

Haitian Contemporary Version

1 Wa Asyeris te bay lòd pou tout moun ki rete nan peyi a, ata moun nan zile yo, peye yon lajan.

2 Yo ekri tou sa wa a te fè nan gwo liv istwa wa peyi Medi ak peyi Pès yo. Yo di tout bèl bagay li te fè, jan li te yon vanyan gason. Yo bay tout ti detay sou jan li te rive mete Madoche nan gwo plas sa a.

3 Madoche, nonm jwif la, te sèl chèf apre wa Asyeris. Tout jwif parèy li yo te respekte l, yo te renmen l anpil. Li te travay anpil pou byen pèp la, li te vle pou tout moun nan ras jwif la viv ak kè poze.

chevron_left Chapit Anvan 10 / 10 Pwochen Chapit chevron_right

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis