Jozye Chapit 23

Haitian Contemporary Version

1 Depi lontan Senyè a te fin bay moun pèp Izrayèl yo lapè nan mitan tout lènmi l yo. Jozye bò pa l te fin granmoun. Li te gen anpil laj sou tèt li.

2 Li fè rele tout pèp Izrayèl la, tout chèf fanmi yo, tout lòt chèf yo, tout jij yo, tout notab nan peyi a, li di yo: — Kounyeya mwen fin granmoun!

3 Nou te wè tou sa Senyè a, Bondye nou an, te fè tout pèp sa yo ki t'ap kenbe tèt ak nou. Se Senyè a, Bondye nou an, ki t'ap goumen pou nou.

4 Koute! Mwen separe tout peyi a bay chak branch fanmi pòsyon pa yo. Mwen separe ni peyi nou deja pran nan men nasyon nou disparèt yo, ni peyi ki rete pou nou pran nan men kèk lòt nasyon, depi larivyè Jouden bò solèy leve jouk lanmè Mediterane a bò solèy kouche.

5 Senyè a, Bondye nou an, pral pran peyi a nan men moun ki rete la yo, l'ap mete yo deyò pou nou ka pran tè a pou nou, jan Senyè a, Bondye nou an, te di l la.

6 Se pou nou fè sa nou kapab pou nou toujou swiv tou sa ki ekri nan liv lalwa Moyiz la, san neglije anyen ladan l.

7 Pa mele avèk moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. Pa nonmen non bondye yo. Pa pran non bondye yo pou fè sèman. Pa mete ajenou devan bondyè yo. Pa fè sèvis pou yo.

8 Se Senyè a, Bondye nou an, ase pou nou toujou kenbe fèm, jan nou te toujou fè l jouk jounen jòdi a.

9 Senyè a te mete yon bann gwo nasyon ki te fò anpil deyò devan nou. Pèsonn pat kapab kenbe tèt ak nou jouk jòdi a.

10 Yon sèl gason nan mitan nou kont pou fè mil gason nan lènmi nou yo kouri met deyò, paske Senyè a, Bondye nou an, ap goumen pou nou, jan li te di l la.

11 Atansyon wi! Se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an.

12 Si nou vire do bay Bondye, si n'al mete tèt nou ansanm ak rès moun lòt nasyon sa yo k'ap viv nan mitan nou, si nou marye ak yo, si nou nan antre sòti avèk yo,

13 nou mèt sèten, Senyè a, Bondye nou an, p'ap mete pèp sa yo deyò devan nou ankò. Okontrè l'ap fè yo tounen yon pèlen, yon senn pou fèmen nou, yon fwèt pou dèyè nou, yon grenn sab nan je nou jouk la fè nou disparèt nan bon peyi sa a Senyè a Bondye nou an, te ban nou.

14 Mwen menm, mwen pa lwen kite tè a. Nou tout nou konnen nan kè nou ak nan lespri nou Senyè a, Bondye nou an, te ban nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo. Li kenbe tou sa li te pwomèt, yo tout rive vre.

15 Wi, menm jan Senyè a, Bondye nou an, te fè pou nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo, konsa tou, si nou vire do ba li, l'a voye sou nou tout kalite malè, jouk l'a disparèt nou nèt nan bon peyi Senyè a, Bondye nou an, ban nou an.

16 Si nou pa respekte kontra Senyè a, Bondye nou an, te pase ak nou an, si n'al adore lòt bondye, si n'al fè sèvis pou yo, Senyè a pral move sou nou, epi lapoula, n'ap disparèt nan bon peyi sa a li te ban nou an.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis