Malachi Chapit 4

Haitian Contemporary Version

1 Gade! Jou a ap vini: Pral fè cho anpil tankou nan yon fou. Tout awogan yo ansanm ak tout mechan yo pral boule tankou pay chèch. Se Senyè a menm ki di sa. Wi, jou sa a, y'ap boule nèt san kite tras.

2 Men, pou moun k'ap sèvi m yo, pouvwa mwen ki la pou delivre yo a ap leve tankou yon bèl solèy byen klere. Yo pral sote ponpe tankou jenn ti towo gra ki lage nan savann.

3 Nou pral pilonnen mechan yo, yo pral tankou sann dife anba pye nou, jou m'a deside pou m aji a. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.

4 Pa bliye sa Moyiz, sèvitè m lan, te moutre nou, tout lòd ak tout regleman mwen te ba li sou mòn Orèb la pou tout pèp Izrayèl la.

5 Jou m lan pral yon gwo jou, yon jou ki pral fè moun tranble. Men, anvan li rive, mwen gen pou m voye pwofèt Eli.

6 Li gen pou li fè papa ak pitit rebyen ankò. Si se pa sa, m'ap vini, m'ap detwi peyi nou an nèt ale.

chevron_left Chapit Anvan 4 / 4 Pwochen Chapit chevron_right

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis