MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

Nonb Chapit 33

Haitian Contemporary Version

1 Men non tout kote moun Izrayèl yo te pase depi apre yo tout te sòti kite peyi Lejip tankou yon lame, avèk Moyiz ak Arawon alatèt yo.
2 Dapre lòd Senyè a te bay Moyiz, chak kote yo te rive, li te make non kote a anvan yo reprann vwayaj yo.
3 Moun pèp Izrayèl yo te kite lavil Ranmsès jou ki te kenzyèm jou nan premye mwa a, yon jou apre premye Fèt Delivrans lan. Yo sòti kite peyi a devan je tout moun peyi Lejip yo san pèsonn pa di yo anyen.
4 Lè sa a, moun peyi Lejip yo t'ap antere premye pitit gason yo. Se Senyè a menm ki te touye yo. Se konsa li te fè wè li gen plis pouvwa pase bondye moun peyi Lejip yo.
5 Moun pèp Izrayèl yo kite lavil Ramsès, yo rive Soukòt. Se la yo moute kan yo.
Referans kwaze
Egz 12:37
6 Apre sa, yo kite Soukòt, y'al moute kan yo Etam ki sou limit dezè a.
Referans kwaze
Egz 13:20
7 Yo kite Etam, yo tounen sou Pi-Ayiwòt, ki anfas Baal-Sefon, bò solèy leve, epi yo moute kan yo devan Migdòl.
8 Yo kite Pi-Ayiwòt, yo travèse Lanmè Wouj la, yo rive nan dezè a. Yo pase twa jou ap mache nan dezè Etam lan, yo rive Mara kote yo moute kan yo.
9 Yo kite Mara, yo rive Elim kote ki te gen douz sous dlo ak swasanndis pye palmis. Yo moute kan yo la.
Referans kwaze
Egz 15:27
10 Yo kite Elim, y'al moute kan yo toupre Lanmè Wouj la.
Referans kwaze
Egz 16:1 Egz 17:1
11 Yo kite Lanmè Wouj, y'al moute kan yo nan dezè Zin lan.
Referans kwaze
Egz 16:1
12 Yo kite dezè Zin lan, y'al moute kan yo Dofka.
13 Yo kite Dofka, y'al moute kan yo Alouch.
14 Yo kite Alouch, y'al moute kan yo Refidim kote pèp la pat jwenn dlo pou yo bwè a.
Referans kwaze
Egz 19:2 Egz 17:1-8
15 Yo kite Refidim, y'al moute kan yo nan dezè Sinayi a.
Referans kwaze
Egz 19:1-2 Egz 16:1
16 Yo kite dezè Sinayi a, y'al moute kan yo Simityè Grangou.
17 Yo kite Simityè Grangou, y'al moute kan yo Azewòt.
Referans kwaze
Non 11:35
18 Yo kite Azewòt, y'al moute kan yo Ritma.
Referans kwaze
Non 12:16
19 Yo kite Ritma, y'al moute kan yo Rimonn Perèz.
20 Yo kite Rimonn Perèz, y'al moute kan yo Libna.
21 Yo kite Libna, y'al moute kan yo Risa.
Referans kwaze
Det 1:1
22 Yo kite Risa, y'al moute kan yo Keyelata.
23 Yo kite Keyelata, y'al moute kan yo sou mòn Chefè a.
24 Yo kite mòn Chefè a, y'al moute kan yo Arada.
25 Yo kite Arada, y'al moute kan yo Makelòt.
26 Yo kite Makelòt, y'al moute kan yo Tayat.
27 Yo kite Tayat, y'al moute kan yo Tara.
28 Yo kite Tara, y'al moute kan yo Mitka.
29 Yo kite Mitka, y'al moute kan yo Asmona.
30 Yo kite Asmona, y'al moute kan yo Mosewòt.
Referans kwaze
Det 10:5-6
31 Yo kite Mosewòt, y'al moute kan yo Benè-Jakan.
32 Yo kite Benè-Jakan, y'al moute kan yo Ogidgad.
Referans kwaze
Det 10:7
33 Yo kite Ogidgad, y'al moute kan yo Jotbata.
Referans kwaze
Det 10:7
34 Yo kite Jotbata, y'al moute kan yo Abwona.
35 Yo kite Abwona, y'al moute kan yo Ezyongebè.
36 Yo kite Ezyongebè, y'al moute kan yo nan dezè Zin lan, ki vle di Kadès.
37 Yo kite Kadès, y'al moute kan yo sou mòn Or, toupre fontyè peyi Edon an.
38 Dapre lòd Senyè a te bay la, Arawon, prèt la, moute sou tèt mòn lan. Se la li mouri. Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo te gen trantnevan kat mwa yon jou depi yo te sòti kite peyi Lejip.
39 Lè Arawon mouri sou mòn Or la, li te gen sanvenntwazan sou tèt li.
40 Wa Arad, yon moun Kanaran ki te rete nan pati sid peyi Kanaran yo rele Negèv la, vin konnen moun Izrayèl yo t'ap rive.
Referans kwaze
Non 21:1-9
41 Se konsa, moun Izrayèl yo kite Mòn Or la, y'al moute kan yo Zalmona.
Referans kwaze
Non 21:4
42 Yo kite Zalmona, y'al moute kan yo Pounon.
43 Yo kite Pounon, y'al moute kan yo Obòt.
Referans kwaze
Non 21:10
44 Yo kite Obòt, y'al moute kan yo Ije-Abrarim nan peyi Mowab la.
Referans kwaze
Non 21:11
45 Yo kite Ije-Abrarim nan peyi Mowab la, y'al moute kan yo Dibon Gad.
46 Yo kite Dibon Gad, y'al moute kan yo Almon-Diblatayim.
47 Yo kite Almon-Diblatayim, y'al moute kan yo sou mòn Abarim yo, anfas Mòn Nebò, bò solèy leve.
48 Yo kite mòn Abarim yo, y'al moute kan yo nan plenn Mowab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.
Referans kwaze
Non 22:1
49 Yo te moute kan yo nan tout plenn Mowab yo, toupre larivyè Jouden an, depi Bèt-Ayechimòt jouk Abèl-Chitim.
50 Antan yo la nan plenn Mowab yo, toupre larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
Referans kwaze
Non 33:48-49
51 — Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo pou mwen. Lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden pou nou antre nan peyi Kanaran an,
52 se pou nou mete tout moun ki rete nan peyi a deyò. N'a kraze tout estati zidòl yo fè nan moul, osinon ki fèt ak wòch, n'a demoli mete atè dènye kay kote moun yo fè sèvis pou bondye yo.
53 N'a pran peyi a pou nou, n'a rete ladan l paske se mwen menm ki ban nou li pou bitasyon nou.
54 N'a tire osò pou nou ka separe l bay chak branch fanmi pa yo. N'a bay branch fanmi ki anpil la yon gwo pòsyon. N'a bay branch fanmi ki pa anpil la yon ti pòsyon. Chak branch fanmi va resevwa pòsyon ki va vin pou li a. Se konsa n'a separe tè a bay chak branch fanmi zansèt nou yo pa yo.
55 Men, si nou pa mete moun ki rete nan peyi a deyò, sa ki va rete yo pral ban nou gwo pwoblèm. Y'ap tankou yon pay ki tonbe nan je nou, osinon tankou pikan k'ap pike nou nan tout kò nou. Yo pral tounen yon tizon pou nou lè n'a fin tabli nan peyi a.
56 Lè sa a, sa m te fè lide fè yo a, se nou m'ap fè l.

Refere pa 10

Referans kwa: OpenBible.info · CC BY 4.0

Vèsè Jou a

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Wè vèsè konplè →

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove vèsè yo

Enskri