Oze Chapit 2

Haitian Contemporary Version

1 Se konsa n'a rele frè nou yo moun Bondye. N'a rele sè nou yo moun Bondye gen pitye pou yo.

2 Pitit mwen yo, pale ak manman nou. Paske li pa madanm mwen ankò. Mwen pa mari li nonplis. Pale ak li pou li manyè kite fè jennès, pou li wete nan kòsay li bann zidòl li renmen anpil yo.

3 Si li pa fè sa, m'ap dezabiye l nèt, pou l rete toutouni jan manman l te fè l. M'ap fè l tounen tankou tè sèk ki pa jwenn lapli. M'ap fè l mouri swaf dlo.

4 Mwen p'ap gen pitye pou timoun li yo nonplis paske yo se pitit fanm k'ap mennen lavi jennès.

5 Manman yo lage kò l nan fè jennès. Wi, li menm ki te pote yo nan vant li, li avili tèt li, paske l'ap di: mwen pral jwenn nonm mwen yo. Yo ban m tou sa m bezwen. Yo ban m manje, yo ban m bwè. Yo ban m twal lenn ak twal fen. Yo ban m lwil oliv, yo ban m diven pou m bwè.

6 Se poutèt sa mwen pral met pikan bare chemen li. Mwen pral leve yon gwo miray. Konsa li p'ap ka soti.

7 L'a chache mwayen pou l'al kouri dèyè nonm li yo, men li p'ap ka rive jwenn yo. L'a chache yo toupatou, men li p'ap jwenn yo. Lè sa a, la di: M'ap tounen vin jwenn premye mari mwen an, paske avè l zafè m te pi bon pase kounyeya.

8 Pèp Izrayèl la pat rekonèt se mwen menm ki te ba li farin, diven ak lwil. Ata lò ak ajan, se mwen ki te ba li yo an kantite. Men, li pran yo pou fè sèvis Baal.

9 Se poutèt sa, lè sezon rekòt la rive, m'ap reprann farin ak diven mwen te ba li a. M'ap reprann twal lenn ak twal fen mwen te ba li pou fè rad met sou li.

10 M'ap mete li toutouni devan bann nonm li yo. Pesonn p'ap ka enpoze mwen fè sa.

11 Mwen pral fè l sispann gen kè kontan. Mwen pral sispann tout fèt li yo, fèt lalin nouvèl li yo, fèt repo l yo ak gwo fèt li fete chak lanne yo.

12 Kanta jaden rezen ak pye fig frans li yo, li di se nonm li yo ki te ba li yo. Enben, m'ap ravaje sa. M'ap fè yo tounen raje, bèt nan bwa va devore yo.

13 Mwen pral pini li pou tout tan li te bliye m' lan, lè li t'ap boule lansan devan Baal yo, lè li t'ap mete bèl zanno ak bèl kolye pou plede mache dèyè bann nonm li yo. Se Senyè a menm ki di sa.

14 Se poutèt sa, mwen pral mennen l nan dezè a ankò. Mwen pral pale dous avè l, pou l ka tounen vin jwenn mwen.

15 M'a ba li jaden rezen li te gen anvan yo. M'a fè sa ki te rive l nan Fon Malè a tounen yon okazyon pou l jwenn sa li t'ap tann lan. L'a reponn mwen menm jan li te fè l lè li te jenn lan, lè l te chape anba men moun peyi Lejip yo.

16 Jou sa a, l'a rele mwen mari li. Li p'ap rele mwen chèf ankò. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

17 Mwen p'ap janm kite non zidòl Baal soti nan bouch li. Li p'ap janm lonmen non yo ankò.

18 Lè sa a, m'a pase yon kontra avèk tout zannimo nan savann, ak tout zwazo k'ap vole nan syèl epi ak tout bèt ki rale sou vant pou pa fè pèp la anyen. M'ap kraze banza ak epe pou lagè pa fèt ankò nan peyi a, pou moun ka dòmi kè poze san danje.

19 Izrayèl, m'ap pran angajman pou m viv avè ou pou tout tan, m'ap toujou respekte ou, m'ap toujou kenbe pawòl mwen avè ou. M'ap toujou renmen ou, m'ap toujou gen pitye pou ou.

20 M'ap kenbe pwomès mwen, w'ap pou mwen nèt. Konsa, w'a konnen ki moun mwen menm, Senyè a, mwen ye.

21 Jou sa a, m'a reponn lapriyè tout moun. Se Senyè a menm ki di sa. M'ap fè lapli sòti nan syèl tonbe sou latè.

22 Tè a va bay manje, diven ak lwil. Se konsa m'a reponn lapriyè moun Jizreyèl yo.

23 M'ap fè yo peple nan peyi a. M'a gen pitye pou moun mwen te meprize yo. M'a pale ak moun ki pa moun pa m yo, m'a di yo: Se pèp mwen nou ye. Yo menm, y'a reponn: Wi, se Bondye nou ou ye.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis