1 Korentyen 4

Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Konsidere nou menm lidè yo tankou moun ki la pou sèvi Kris la, moun ki responsab pou fè konnen verite Bondye a bay moun ki pa ko konnen.

2 An reyalite, sèl sa yo mande moun ki gen responsablite sa a, se pou l yon moun fidèl.

3 Sou pwen sa a, mwen pa bay okenn valè swa ak jijman pa nou oswa jijman yon tribinal. Menm pwòp jijman pa m mwen pa bay valè.

4 Konsyans mwen klè, menmsi sa pa vle di m inosan pou sa. Se Senyè li menm k ap fè jijman an.

5 Se poutèt sa m ap mande nou: pa kouri jije pèsonn anvan lè. Senyè a gen pou l vini. Se li menm k ap devwale tout sa ki fènwa. Se li ki gen pou mete deyò tout sekrè ki kache nan fon kè. Lè sa a se Bondye li menm k ap bay chak moun louwanj yo merite.

6 Frè m ak sè m yo, mwen pran egzanp sou mwen ak Apolòs pou nou ka byen pran sans pwovèb la ki di: “Pa mete pase genyen sou sa Bib la di.” Lè kon sa nou p ap kite lògèy anvayi nou pou n ap pran pati pou yon nonm kont yon lòt.

7 Ki sa k fè w panse w siperyè a lòt moun? Ki sa w genyen se pa ba ou yo te ba ou l? Nan ka sa a, poukisa w ap frape lestomak kòmsi se pa t ba ou yo te ba ou l?

8 Nou met nan tèt nou, nou pa manke anyen. Nou met nan tèt nou nou rich. Nou met nan tèt nou nou se wa. M vrèman swete nou te wa toutbon vre, kon sa nou men apot nou ta wa tou.

9 Men gen lè Bondye mete mwen menm avèk lòt apot an dènye. Nou tankou prizonye yo kondane amò y ap fè fè parad non sèlman devan lèzòm men devan anj yo tou.

10 Nou fou pou Kris, men ou panse w saj nan Kris. Nou fèb, men ou santi w tèlman fò. Yo ba w anpil respè, men nou menm yo meprize nou.

11 Jouk jodi a, nou pa gen ase pou n manje oswa bwè. Nou pa gen ase rad pou n mete. Yo maltrete nou. Nou pa ka rete yon sèl kote.

12 N ap kraze kò nou nan travay ak men nou pou nou ka jwenn dekwa pou n manje. Lè moun joure nou, nou swete byen pou yo. Lè moun fè nou soufri, nou sipòte.

13 Lè moun pale nou mal, nou reponn ak dousè. Poutan jouk jodi a yo konsidere nou tankou dechè, tankou fatra nan mond la y ap bale jete.

14 Mwen p ap ekri nou pou m fè nou wont, men m vle ede nou chanje fason n ap panse, tankou pitit mwen renmen anpil.

15 Menmsi nou ta gen dimil pwofesè nan Kris, se yon sèl papa nou genyen. Mwen tounen papa pou nou, lè m te pote Levanjil la ba nou.

16 Konsa m ap sipliye nou pou nou swiv egzanp mwen!

17 Se poutèt sa m ap voye Timote lakay nou. Li se yon pitit mwen renmen anpil. Se yon pitit ki fidèl nan jan l ap viv pou Senyè a. Li a fè nou sonje tout prensip lavi m menm jan mwen anseye l nan tout legliz kote m pase.

18 Gen kèk moun ki panse mwen p ap janm tounen Korent. Epi y ap fè lwanj pou tèt yo.

19 Si Bondye vle, mwen p ap pran lontan pou m vini wè nou. Lè sa a m a konnen si moun sa yo ka fè yon bagay valab oswa si se bèl pawòl ase yo genyen.

20 Wayòm Bondye a se pa afè bèl pawòl men se puisans ki konte.

21 Ki sa n pito? Mache ak yon fwèt lè m ap vini oubyen vini ak dousè epi amou?

chevron_left Cap. 3 4 de 16 Cap. 5 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis