2 Kwonik Chapit 11
Haitian Contemporary Version
1 Lè Woboram rive lavil Jerizalèm, li sanble sankatrevenmil (180.000) sòlda nan pi bon sòlda ki te nan branch fanmi Jida ak nan branch fanmi Benjamen. Li te fè lide al goumen ak moun peyi Izrayèl yo pou l mete yo anba lòd li ankò.
2 Men, Bondye pale ak Chemaya, pwofèt li a, li di l konsa:
3 — Pale ak Woboram, pitit Salomon an, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun pèp Izrayèl ki fè pati branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo. Di yo konsa:
4 Men mesay mwen menm Senyè a, mwen voye ba yo: Piga n'al goumen ak fanmi nou yo. Tounen lakay nou. Sa ki rive a se travay mwen. Se mwen menm ki vle l konsa. Moun yo koute lòd Senyè a vre, yo pa moute al goumen ak Jewoboram.
5 Woboram rete lavil Jerizalèm, li moute ranpa nan anpil lavil peyi Jida pou pwoteje yo.
6 Se konsa, li ranfòse miray lavil Betleyèm, Eytam, Tekoa,
7 Bèt-Sou, Soko, Adoulam,
8 Gat, Marecha, Zif,
9 Adorayim, Lakis, Aseka,
10 Soreya, Ajalon, Ebwon. Tou sa, se vil ak ranpa ki te nan peyi Jida ak nan peyi Benjamen.
11 Li ranfòse miray ranpa yo, li mete chèf reskonsab yo, li fè bati depo pou mete manje, lwil ak diven.
12 Lèfini, nan chak vil, li distribye gwo plak pwotèj ak fwenn ankantite. Vil sa yo te byen pwoteje. Se konsa Wobowam te kenbe moun branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo anba otorite li.
13 Prèt yo ak moun Levi yo sòti toupatou nan peyi Izrayèl, yo vin jwenn Woboram.
14 Moun Levi yo te kite bèt yo nan savann ak tout lòt byen yo, yo desann lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, paske Jewoboram, wa peyi Izrayèl la ak tout wa ki te vin apre l yo, te enpoze moun Levi yo fè sèvis yo tankou prèt Senyè a.
15 Jewoboram te chwazi prèt pa l pou fè sèvis kote yo fè ofrann bèt pou lòt bondye li t'ap sèvi sou fòm estati bouk kabrit ak ti towo bèf li te fè fè pou li yo.
16 Nan tout peyi Izrayèl la moun ki te vle sèvi Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ak tout kè yo fè tankou moun Levi yo ak prèt yo. Yo desann lavil Jerizalèm pou yo te ka ofri bèt pou yo touye pou Senyè a, Bondye zansèt yo a.
17 Sa te bay gouvènman peyi Jida a anpil fòs. Pandan twazan yo kenbe la ak Woboram, pitit Salomon an, yo viv jan yo te konn viv sou reny wa David ak wa Salomon.
18 Woboram te marye ak Malat, pitit fi Jerimòt ki te pitit David ak Abigayil, pitit fi Eliyab, pitit pitit fi Izayi.
19 Yo fè twa pitit gason: Jeouch, Chemarya ak Saram.
20 Apre sa, Woboram marye ak Maka, pitit fi Absalon, ki ba li kat pitit gason: Abija, Atayi, Ziza ak Chelomit.
21 Wobowam te gen antou dizwit madan marye ak swasant mètrès. Li te fè venntwit pitit gason ak swasant pitit fi. Nan tout madan marye ak mètrès li yo, se Maka, pitit fi Absalon an li te pi renmen.
22 Konsa tou, li te pito Abija, pitit gason Maka te fè pou li a, pase tout lòt pitit li yo. Li mete l chèf tout frè l yo. Li te vle se li ki pou pran plas li lè li mouri.
23 Li te fè lide bay chak pitit gason l yo yon reskonsabilite. Se konsa, li voye yo al rete toupatou nan peyi Jida ak nan peyi Benjamen, nan tout lavil li te ranfòse yo, li ba yo povizyon an kantite epi li marye yo ak anpil fanm.
Antretan
"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."
— Sòm 119:105
Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a
Enskri Gratis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol