2 Kwonik Chapit 5
Haitian Contemporary Version
1 Lè wa Salomon te fin fè travay bati Tanp Senyè a, li fè yo pote tout ajan, tout lò ansanm ak tout lòt bagay David, papa l, te ofri bay Senyè a. Li fè mete yo nan chanm trezò Tanp lan.
2 Apre sa, Salomon bay lòd pou tout gwo chèf pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak lòt chèf fanmi pèp Izrayèl la sanble devan l lavil Jerizalèm pou y'al pran Bwat Kontra Senyè a nan lavil David la, lavil Siyon an, pou yo pote l nan Tanp lan.
3 Pandan fèt Joupa yo, nan setyèm mwa a, tout pèp Izrayèl la reyini ansanm ak wa Salomon.
4 Lè tout chèf pèp Izrayèl yo fin reyini, moun Levi yo pran Bwat Kontra a,
5 yo pote l nan Tanp lan ansanm ak Tant Randevou Senyè a ak tout bagay yo te mete ladan l apa pou Senyè a. Se prèt yo ak moun Levi yo ki te pote yo.
6 Wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la sanble devan Bwat Kontra a. Yo touye bèf, kabrit ak mouton ankantite pou Bondye. Moun pa te ka konte konbe bèt yo te touye jou sa a, tèlman yo te anpil.
7 Lè yo fini, prèt yo pote Bwat Kontra a nan pyès ki apa nèt pou Senyè a anndan Tanp lan, yo mete l nan mitan de pòtre zanj cheriben yo.
8 Zèl zanj cheriben yo te louvri, yo te kouvri tout kote Bwat Kontra a ye a ansanm ak poto ki sèvi pou pote l yo.
9 Si yon moun kanpe sou devan pyès ki apa nèt pou Senyè a, yo ka wè pwent poto yo nan kote ki apa pou Bondye a tèlman yo te long. Men, ou pa ka wè yo lòt kote ankò. Jouk kounyeya poto yo la toujou.
10 Nan Bwat Kontra a pat gen pase de moso wòch plat Moyiz te mete ladan l yo depi sou mòn Orèb la. Se sou mòn sa a Senyè a te pase kontra a ak moun pèp Izrayèl yo lè yo t'ap sòti kite peyi Lejip la.
11 Prèt yo sòti nan pyès ki apa nèt pou Senyè a. Tout prèt ki te la yo te mete yo nan kondisyon pou yo fè sèvis pou Bondye, san yo pa tann tou pa yo pou yo pran sèvis.
12 Tout moun Levi ki te sanba yo, depi Asaf, Eyman ak Jedoutoun jouk tout pitit yo ak lòt fanmi yo, te kanpe sou bò soley leve lotèl la ak rad blan sou yo. Yo te gen senbal, bandjo, gita. Lèfini, te gen sanven (120) prèt bò kote yo ki t'ap kònen twonpèt.
13 Lè tout moun sa yo mete ansanm pou yo pran kònen twonpèt, pou yo chante fè lwanj Bondye, pou di li mèsi, nan mitan bèl mizik yo t'ap jwe nan twonpèt ak senbal ak lòt enstriman mizik yo, ou tande vwa moun yo ki t'ap chante: Lwanj pou Senyè a, paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lè sa a, nyaj la plen Tanp Senyè a nèt.
14 Poutèt nyaj la, prèt yo pat ka rete fè sevis yo, paske limyè prezans Senyè a te plen Tanp lan nèt.
Antretan
"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."
— Sòm 119:105
Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a
Enskri Gratis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol