Ezayi Chapit 50

Haitian Contemporary Version

1 Men sa Senyè a di ankò: — Si mwen te voye manman nou tounen lakay li, kote papye divòs mwen te ba li? Ki moun mwen te dwe lajan pou m'ta vann nou kòm esklav la? Se poutèt mechanste nou yo mwen te vann nou. Se poutèt peche nou mwen te voye manman nou tounen lakay li.

2 Poukisa, atò, lè mwen vin delivre nou an, pa gen pèsonn ki vini jwenn mwen? Poukisa, lè m rele nou, pèsonn pa reponn? Eske se fòs mwen pa gen fòs ase pou m delivre nou? Eske ponyèt mwen twò fèb pou m sove nou? Se konnen nou pa konnen mwen annik louvri bouch mwen epi tout dlo lanmè cheche, tout larivyè tounen ravin chèch, tout pwason mouri paske yo pa jwenn dlo. Y'ap pouri.

3 Mwen kouvri syèl la ak nyaj nwa. Li tankou yon moun ki nan lapenn pou ka lanmò!

4 Senyè a moutre mwen jan pou m'pale, Li moutre mwen jan pou m'ankouraje moun ki pa kapab ankò yo. Maten apre maten, li fè mwen atantif, pou m'ka tande sa l'ap moutre mwen, pou m'ka konnen sa yon bon disip dwe fè.

5 Senyè a, Bondye a, louvri lespri mwen, mwen pa kenbe tèt ak li. Mwen pa renka devan li.

6 Mwen pare do m bay moun k'ap bat mwen yo. Mwen lonje figi m bay moun k'ap rache bab mwen yo. Mwen pa kache figi m lè y'ap joure m, lè y'ap krache sou mwen.

7 Senyè a, Bondye a, ap pote m sekou. Se poutèt sa, jouman yo pa ka fè m anyen. Mwen sere dan m, mwen mare kè m pou m soufri. Mwen sèten, Bondye p'ap fè m wont.

8 Moun ki pral rann mwen jistis la pa lwen rive. Ki moun ki vle plede ak mwen? Ann konparèt ansanm devan tribinal la? Kilès ki vle rele m lajistis? Se pou l vin kanpe la devan m!

9 Se Senyè Bondye a menm k'ap pote mwen sekou. Ki moun ki ka kondannen mwen? Tout moun k'ap akize mwen yo pral disparèt. Y'ap tankou rad vèmin ap devore.

10 Nou tout ki gen krentif pou Senyè a, nou tout k'ap koute pawòl sèvitè li a, nou wè jan chemen m'ap swiv la fè nwa nèt. Se pou nou met konfyans nou nan Senyè a.

11 Men nou tout k'ap pouse dife, k'ap fè plan pou detwi lòt moun, se nou menm ki pral boule nan dife nou limen an, se nou menm ki pral pran nan plan n'ap fè yo. Se Senyè a menm ki pral fè sa rive nou: Nou pral tòde ak doulè nan kabann nou.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis