Ezayi Chapit 9
Haitian Contemporary Version
1 Te gen yon lè, peyi fanmi Zabilon yo ak peyi fanmi Neftali yo t'ap drive nan labou. Men pita, va rive yon lè tout rejyon an, pran depi lanmè Meditèrane rive bò larivyè Jouden, moute peyi Galile kote moun lòt nasyon yo rete a, tout rejyon an va kanpe ankò.

2 Pèp ki t'ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè. Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa. Men, kounyeya yon limyè vin klere yo!

3 Ou fè yo vin anpil, Senyè! Ou ba yo gwo kè kontan. Yo te kontan wè sa ou fè pou yo, tankou moun k'ap fè fèt lè sezon rekòt, tankou moun k'ap fè gwo fèt lè y'ap separe sa yo pran nan lagè.

4 Paske ou kase bout bwa ki te mare dèyè kou yo a, joug ki t'ap peze zepòl yo a! Wi Senyè, ou kase bout fè nan men moun ki t'ap fè yo pase tray la, tankou jou lè ou kraze moun Madyan yo!

5 Tout soulye sòlda ki t'ap plede fè bri yo, tout rad sòlda ki te plen san yo, yo pral boule sa nan dife.

6 Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l: Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!

7 Gouvènman li p'ap gen finisman. Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete. L'ap chita sou fòtèy wa David la. L'ap gouvènen peyi wa David la. L'ap fè gouvènman an byen chita, l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat. Li p'ap nan patipri, depi kounyeya jouk sa kaba. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki sòti pou fè tou sa rive vre!

8 Senyè a fè konnen desizyon l sou peyi Izrayèl la ak sou moun fanmi Jakòb yo.

9 Tout pèp Izrayèl la, tout moun ki rete lavil Samari yo va konn sa l te di a. Men, yo sitèlman gen lògèy, yo sitèlman awogan, y'ap di:

10 Kay brik yo kraze, n'a bati lòt ak wòch taye. Yo koupe poto sikomò yo jete, n'a fè lòt ak bwa sèd mete nan plas yo.

11 Senyè a fè lènmi pèp Izrayèl la leve dèyè l. L'ap fè chèf lame wa Rezin lan atake l.

12 Peyi Lasiri sou bò solèy leve, peyi Filisti sou bò solèy kouche, y'ap devore pèp Izrayèl la ak gwo koutdan. Men, se poko sa toujou! Se atò Senyè a move. Li poko fin regle ak yo.

13 Pèp Izrayèl la pa chanje. Yo pa tounen vin jwenn moun ki t'ap pini yo a, Senyè ki gen tout pouvwa a.

14 Yon sèl jou a, Senyè a ap koupe ni tèt pèp Izrayèl la ni ke l. L'ap pini tout chèf pèp la, gwo kou piti.

15 Chèf fanmi yo ak notab yo, se yo ki tèt pèp la. Ke pèp la menm, se pwofèt yo, yo menm ki chanpyon nan bay manti!

16 Moun k'ap dirije pèp la fè l pèdi chemen l. Pèp la lage kò l nan bwa.

17 Se poutèt sa, Senyè a p'ap pran priyè nan men jenn gason yo. L'ap san pitye pou timoun ki san papa yo ak fanm ki pèdi mari yo, paske se tout pèp la nèt ki pa gen respè pou Bondye, yo tout ap fè mechanste. Se renk move pawòl ase ki nan bouch yo. Men se poko sa toujou! Se atò Senyè a move. Li poko fin regle ak yo.

18 Mechanste gaye nan mitan pèp la tankou dife nan pikan ak nan raje. Dife a pran nan rakbwa yo, yo tounen lafimen k'ap moute nan sèl la.

19 Senyè ki gen tout pouvwa a te sitèlman move, li fini ak peyi a. Se tankou yon dife k'ap boule tout moun nan peyi a. Pèsonn pa ka sove pèsonn.

20 Yo vire adwat, yo pran sa yo jwenn, yo grangou toujou. Yo vire agòch, yo devore sa yo jwenn, se atò yo grangou. Yo menm rive manje pwòp pitit yo!

21 Moun Manase yo ak moun Efrayim yo, yonn ap devore lòt. Lèfini, yo mete tèt ansanm pou atake moun Jida yo. Men, se poko sa toujou! Se atò Senyè a move. Li poko fin regle ak yo!

Vèsè Jou a
"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."
— Sòm 119:105
Wè vèsè konplè →Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a
Enskri gratis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol