Jeremi Chapit 22

Haitian Contemporary Version

1 Senyè a pale ak Jeremi, li ba li lòd sa a: — Desann nan palè wa Jida a

2 pou ba li mesaj sa a: Ou menm wa peyi Jida, ki chita sou fòtèy David la, nou menm chèf yo ansanm ak tout pèp k'ap antre sòti nan pòtay lavil la, koute sa Senyè a di nou:

3 Mwen menm Senyè a, m'ap mande nou pou nou fè sa ki dwat, pou nou rann jistis san patipri. Se pou nou wete moun y'ap peze yo anba men moun k'ap peze yo a. Pa malmennen moun lòt nasyon ki lakay nou yo, timoun ki san papa yo ak vèv yo. Pa pwofite sou yo. Pa touye moun inonsan isit la.

4 Si tout bon vre nou fè jan m mande nou fè la a, n'a toujou gen yonn nan moun fanmi David yo pou wa. Li menm ansanm ak chèf li yo ak tout pèp la va toujou antre sòti nan pòtay palè a sou cha ak sou chwal yo.

5 Men, si nou pa koute m', mwen sèmante, palè sa a gen pou li kraze. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

6 Men sa Senyè a deklare sou Jida: — Se vre mwen twouve ou bèl kou peyi Galarad. Wi, ou tankou tèt mòn peyi Liban yo. Men mwen p'ap ezite fè ou tounen yon dezè, Yon vil kote moun pa rete.

7 M'ap voye moun ak rach vin detwi nou Y'ap fann tout bèl bwa sèd nou bati kay nou yo. Yo pral voye yo nan dife.

8 Apre sa, anpil moun lòt nasyon va pase bò lavil la. Yonn va mande lòt: Poukisa Senyè a fè gwo lavil sa a sa?

9 Lèfini y'a reponn: Se paske yo pa te kenbe kontra Senyè Bondye yo a te pase ak yo, y'ale adore lòt bondye, yo fè sèvis pou yo.

10 Nou menm moun Jida, nou pa bezwen kriye pou wa Jozyas ki mouri a. Nou pa bezwen pran lapenn pou li. Kriye pito pou Chaloum, sa yo depòte a. Li menm, li p'ap janm tounen lakay li, li p'ap janm wè peyi kote l te fèt la ankò.

11 Paske men mesay Senyè a bay sou Chaloum, pitit Jozyas, ki te vin wa peyi Jida nan plas papa l: Li pati kite isit la, li p'ap janm tounen.

12 Paske kote yo depòte l la, se la li pral mouri. Li p'ap janm wè peyi a ankò.

13 Madichon pou moun k'ap bati gwo kay ak lajan lenjistis, k'ap mete etaj sou etaj sou kay yo ak lajan yo fè nan move kondisyon. Y'ap fè jwif parèy yo travay pou granmesi, yo pa peye yo lajan yo dwe yo.

14 Madichon pou moun k'ap plede di: Mwen pral bati yon gwo kay etaj ak pyès byen laj. Yo mete fennèt nan kay yo, yo palisade yo ak bon bwa sèd wouj tire sou vèt.

15 Eske w'ap yon pi bon wa paske ou bati kay ou ak bwa sèd pou li pi bèl pase pa lòt moun? Papa ou te manje, li te bwè tankou tout moun. Men, li te fè sa ki dwat, li pat fè lenjistis. Tout zafè l te mache byen.

16 Li te defann kòz pòv malere yo. Tout bagay te mache byen pou li. Se sa ki rele konnen Senyè a.

17 Men ou menm, yon sèl bagay ou wè, yon sèl bagay ou konnen, se enterè pa ou ase. Se konsa w'ap touye inonsan. W'ap maltrete pèp la, w'ap maspinen l. Se Senyè a menm ki di sa.

18 Se konsa, men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a bay sou Jojakim, pitit Jozyas, wa peyi Jida a: — Lè la mouri, p'ap gen pèsonn pou kenbe rèl la ak moun pa l yo. P'ap gen pèsonn pou kriye pou mèt yo, wa yo.

19 Y'ap antere l tankou chen. Y'ap trennen kadav li, y'ap voye l jete byen lwen lòt bò pòtay lavil Jerizalèm.

20 Nou menn moun lavil Jerizalèm, ale nan peyi Liban, rele byen fò! Ale nan peyi Bazan, rele! Rete sou mòn Mowab yo, rele! Paske yo kraze tout asosye nou yo.

21 Mwen menm, Senyè a, mwen te pale nou lè zafè nou t'ap mache byen. Men, nou te derefize koute m. Se sa n'ap fè depi tout tan. Nou pa janm vle koute sa m'ap di nou.

22 Van pral bwote tout chèf nou yo ale. Y'ap depòte tout moun lòt nasyon ki asosye nou yo. Lè sa a, nou pral bese tèt nou, nou pral wont pou tout mechanste nou te konn fè yo.

23 Nou menm ki rete nan gwo kay nou bati ak sèd ki sòti peyi Liban, ala plenn nou pral plenn lè malè va tonbe sou nou! Nou pral plenn tankou fanm ki gen tranche.

24 Men sa Senyè a voye di Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida: — Mwen sèmante sou vi m'. Menm si ou se so bag ki nan dwèt mwen an, m'ap rache ou jete atè.

25 M'ap lage ou nan men moun ki sòti pou touye ou yo, nan men moun ou pè yo. M'ap lage ou nan men Nebikadneza, wa Babilòn lan, nan men moun Kalde yo.

26 Mwen pral voye ni ou menm, ni manman ou ki fè ou la, nan peyi etranje. Nou pral nan yon peyi kote nou pat fèt. Se la ni ou menm ni li menm pral mouri.

27 N'ap anvi tounen vin wè peyi sa a. Men, nou p'ap janm ka tounen.

28 Moun yo rele Jekonya a, eske li tounen yon kannari kraze y'ap voye jete, yon kannari pèsonn pa bezwen? Poukisa yo depòte ni li ni pitit li yo nan peyi yo pat janm konnen?

29 O latè, latè, latè! Koute sa Senyè a di:

30 Nonm sa a kondannen pou l pèdi tout pitit li yo, pou l pa janm wè zafè l mache. P'ap janm gen yonn nan pitit li yo ki pou rive chita sou fòtèy wa David la, ki pou rive chèf nan peyi Jida a ankò.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis