Jeremi Chapit 47

Haitian Contemporary Version

1 Men mesay Senyè a te bay pwofèt Jeremi sou peyi Filisti a, anvan farawon an te al atake Gaza.

2 Senyè a di konsa: — Gade! Bò nan nò, dlo yo ap gonfle, y'ap fè yon gwo lavalas k'ap desann, y'ap anvayi peyi a, y'ap kouvri tou sa ki ladan l. Y'ap anvayi lavil yo ak tout moun ladan yo. Moun ap rele, y'ap plenn. Tout moun nan peyi a nan gwo lapenn.

3 Lè y'a tande bri zago chwal yo ap frape tè a, bri cha lagè yo k'ap kouri vini ak bri wou yo k'ap woule atè a, papa p'ap ka fè anyen pou pitit yo, tèlman y'a dekouraje.

4 Lè a rive pou yo ravaje tout peyi Filisti a nèt, pou yo disparèt tout rès moun ki t'ap bay lavil Tir ak lavil Sidon konkou. Se mwen menm Senyè a k'ap detwi tout moun Filisti yo, tout moun ki sòti nan lil Krèt la.

5 Moun Gaza yo nan gwo lapenn, yo kale tèt yo. Moun Askalon yo pa ka pale. Kilè rès moun nan fon Filisti a va sispann kòche kò yo ak kouto pou plenn sò mò yo?

6 Adye! Kilè nepe Senyè a va sispann touye moun? Tounen nan djenn ou! Rete tou dousman, poze kò ou la!

7 Men, ki jan pou li fè poze lè Senyè a ba li lòd travay? Li gen pou l ale jouk lavil Askalon dèyè moun ki rete bò lanmè a. Se la mwen voye l ale.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis