Jòb Chapit 25

Haitian Contemporary Version

1 Bildad, moun lavil Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:

2 — Bondye se chèf. Li fè tout moun respekte l. Li fè tout moun nan peyi ki nan syèl la viv ak kè poze.

3 Ki moun ki ka konte kantite zanj k'ap sèvi l? Pa gen kote limyè Bondye a pa klere.

4 Atò, moun ka konprann yo gen rezon devan Bondye? Pitit fanm pouse met atè ka san repwòch devan li?

5 Nan je Bondye, menm lalin lan pa klere ase. Pa gen yonn nan zetwal yo ki bon nèt pou li.

6 Alewè pou moun! Yo tankou vètè! Kisa yo vo devan Bondye?

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis