MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

Jozye Chapit 15

Haitian Contemporary Version

1 Lè yo te tire osò a, men pòsyon tè ki vin pou moun branch fanmi Jida yo. Se tè sa a yo te separe bay chak fanmi nan branch lan pòsyon pa yo. Tè a bòne nan sid ak peyi Edon an, depi dezè Zin lan rive Kadès nan direksyon sid.
2 Fontyè tè a konmanse nan pwent sid lanmè Sale a,
3 li pase anba pas Akrabim lan, li travèse dezè Zin, li moute pou l pase anba Kadès Banea, li pase Ezwon, li moute Ada, li vire sou Kareka,
4 li pase Azmon, li kouri nan ravin ki sou fontyè Lejip la jouk li rive sou lanmè a. Men limit sid tè moun Jida yo.
5 Sou bò solèy leve, lanmè Sale a te sèvi yo fontyè rive nan lanbouchi larivyè Jouden an. Se la fontyè nò a te konmanse.
6 Li moute Bèt-Ogla, li pase anwo Bèt-Araba, li rive jouk Wòch Boàn. Boàn, se non yonn nan pitit gason Riben yo.
Referans kwaze
Joz 18:17 Joz 18:19-21
7 Apre sa, li pase nan fon Akò, li moute jouk Debi. Li vire sou bò nò nan direksyon Gilgal, anfas pas Adoumen ki sou bò sid ravin lan. Li pase moute bò sous Anchemèch, l'al bout sou Anwogèl.
8 Apre sa, li remoute ravin Pitit Ennon an ki nan sid mòn moun Jebis yo, ki vle di Jerizalèm, li moute sou tèt mòn ki anfas ravin Ennon an, sou bò solèy kouche, nan pwent nò plenn refayim yo.
9 Li sòti nan tèt mòn lan, li desann bò sous Neftoa a. Apre sa li pran direksyon mòn Efwon an, li vire sou lavil Bala (ki rele Kiriyat-Jearim tou).
10 Li sòti Bala, li fè yon ti koub moute nan direksyon solèy kouche, sou mòn Seyi, li lonje flan nò mòn Jearim lan (ki rele Kisalòn tou), li desann Bèt-Chemèch, li travèse Timna,
11 li rive sou bò nò mòn Ekwon, li vire sou Chikawon, li pase sou ti bit Bala a, li pase Jabneyèl, epi l'al bout nan lanmè.
12 Sou bò lwès la, se lanmè Mediterane a ki te sèvi yo limit. Men limit ki te fèmen pòsyon tè yo te bay tout fanmi ki nan branch fanmi Jida a.
13 Jan Senyè a te bay Jozye lòd la, yon pòsyon nan tè moun Jida yo vin pou Kalèb, pitit gason Jefoune a. Jozye ba li Kiriyat-Aba, kapital peyi Anak yo. (Kounye a yo rele lavil la Ebwon).
14 Kalèb mete twa pitit gason Anak yo deyò nan lavil la. Se te Chechayi, Ayiman ak Talmayi,
15 Apre sa, li kite Ebwon, l'al atake moun lavil Debi yo. (Nan tan lontan, yo te rele lavil sa a Kiriyat-Sefè).
16 Lè sa a, Kalèb di konsa: — Moun ki va resi kraze moun Kiriyat-Sefè yo, epi ki va pran lavil la nan men yo, m'a ba li Aksa, pitit fi mwen an, pou madanm.
Referans kwaze
Jij 1:12-13 Jij 1:6
17 Se pwòp frè Kalèb, Otonyèl, pitit Kenaz, ki te pran lavil la. Kalèb ba li Aksa, pitit fi li a, pou madanm.
18 Lè Aksa rive lakay mari l, mari a di l poukisa li pa mande papa l yon bon jaden. Aksa al jwenn papa l. Desann li desann bourik li, Kalèb mande l: — Sa ki genyen, pitit mwen?
Referans kwaze
Jen 24:64 1Sam 25:23
19 Aksa reponn: — Mwen vin mande ou yon favè. Ou voye m byen lwen nan dezè Negèv la. Tanpri, ban m kek sous kote pou m jwenn dlo non. Se konsa Kalèb ba li Sous Dlo Anwo ak Sous Dlo Anba yo.
20 Men tout tè ki te vini pou branch fanmi Jida a. Yo separe l bay yon pòsyon pou chak fanmi.
Referans kwaze
Det 33:7 Jen 49:8-12
21 Men non lavil kote moun Jida yo te rete nan Negèv la, anba pwent sid peyi a, bò fontyè peyi Edon an: KabSenyèl, Edè, Jagou,
Referans kwaze
Jen 35:21 Ney 11:25
22 Kina, Dimona, Adada,
23 Kedèch, Azò-Yitnan,
24 Zif, Telèm, Bejalòt,
25 Azò-Adata, Keriyòt-Ezwon (ki rele Azò tou),
26 Aman, Chema, Molada,
Referans kwaze
1Kw 4:28
27 Aza-Gada, Echmon, Bèt-Pelèt,
Referans kwaze
Ney 11:26
28 Aza-Chwal, Bècheba, Bizyotya,
29 Bala, Iyim, Azèm,
30 Eltola, Kesil, Oma,
31 Ziklag, Madmana, Sansana,
32 Lebaòt, Chilim, Ayin ak Rimon. Sa te fè antou venntnèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
Referans kwaze
Ney 11:29 Non 34:11
33 Men non lavil kote yo te rete nan plenn yo: Echtawòl, Zorea, Akna,
34 Zanoa, An-Gannim, Tapwak, Enan,
Referans kwaze
Joz 12:17 Joz 15:53
35 Jamout, Adoulam, Soko, Azeka,
36 Charayim, Aditayim, Gedera ak Gedewotayim. Sa te fè antou katòz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
Referans kwaze
1Sam 17:52
37 Te gen tou Etzenan, Adaka, Migdal-Gad,
38 Dilean, Am-Mizpe, Jokteyèl,
39 Lakis, Boska, Eglon,
40 Kabon, Lamas, Kitlis,
41 Jedewòt, Bèt-Dagon, Nama, Makeda. Sa te fè antou sèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
42 Te gen tou Libna, Etè, Akan,
43 Jifta, Akna, Nezib,
44 Keyila, Agzib, Marecha. Sa te fè antou nèf lavil ansanm ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
45 Te gen Ekwon ak tout ti bouk ki sou lòd li.
46 Sòti Ekwon pou al bò lanmè, tout lavil ki nan zòn Asdòd ak tout ti bouk ki sou lòd yo,
47 Asdòd ak tout ti vil ak tout ti bouk ki sou lòd li, Gaza ak tout ti bouk osinon ti vil ki sou lòd li, depi ravin ki sou fontyè Lejip la rive sou lanmè ki sèvi yo limit la.
48 Men lavil yo te genyen nan mòn yo: Chami, Jati, Soko,
Referans kwaze
Joz 21:14
49 Dana, Kiriyat-Sefè (kounyeya li rele Debi),
Referans kwaze
Joz 15:15 Jij 1:11
50 Anad, Estemoa, Anim,
51 Gochenn, Alon, Gilo. Sa te fè antou onz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
52 Te gen tou Arab, Douma, Echean,
Referans kwaze
Eza 21:11
53 Janoum, Bèt-Tapwa, Afeka,
54 Oumeta, Kiriyat-Aba (Jòdi a li rele Ebwon), ak Zyò. Sa te fè antou nèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
55 Te gen ankò Mawon, Kamèl, Zif, Jouta,
56 Jizrèyèl, Jokdeam, Zanoa,
57 Kayin, Gibeya, Tima, Antou sa te fè dis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
58 Te gen ankò Aloul, Bètsou, Gidò,
Referans kwaze
1Kw 4:39
59 Maarat, Bèt-Anòt, Eltekon. Antou sa te fè sis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
60 Te gen ankò Kiriyat-Baal (Jòdi a li rele Kiriyat-Jearim) ak Araba. Antou sa te fè de lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
Referans kwaze
Joz 18:14 1Sam 7:1
61 Men non lavil kote yo te rete nan dezè a: Bèt-Araba, Miden, Sekaka,
Referans kwaze
Joz 15:6 Joz 18:18
62 Nibkan, Site Sèl la ak Angedi. Antou sa te fè sis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
Referans kwaze
1Sam 23:29 2Kw 20:2
63 Men, moun Jida yo pat janm rive mete bann moun Jebis ki te rete lavil Jerizalèm yo deyò. Kifè, jouk jòdi a moun Jebis yo rete lavil Jerizalèm ansanm ak moun Jida yo.

Refere pa 12

Referans kwa: OpenBible.info · CC BY 4.0

Vèsè Jou a

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Wè vèsè konplè →

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove vèsè yo

Enskri