Nawoum 1

Haitian Contemporary Version

1 Men mesay Bondye te bay sou lavil Niniv. Men liv ki rapòte vizyon Nawoum, moun lavil Elkòch, te fè a.

2 Senyè a, se yon Bondye jalou ki konn tire revanj. Lè li ankòlè, se pa ti move li move. Li tire revanj li sou tout moun ki kenbe tèt ak li. Li kenbe lènmi li yo nan kè.

3 Senyè a pa fache fasil, men se pa ti kras pouvwa li genyen. Li p'ap janm manke pa pini moun ki antò. Kote Senyè a pase, se van tanpèt, se van siklòn. Nyaj yo, se pousyè pye l yo ap leve.

4 Li pase lanmè a lòd: lanmè a cheche. Li cheche dlo larivyè yo. Tout pyebwa nan plenn Bazan ak sou mòn Kamèl ap deperi. Tout flè sou mòn Liban yo ap fennen.

5 Gwo mòn yo tranble lè yo wè l. Ti mòn yo disparèt. Tè a tranble devan l ansanm ak tout moun ki rete sou li.

6 Ki moun ki ka kanpe devan l lè li ankòlè? Ki moun ki ka chape anba men l lè li move? Kòlè Bondye tonbe sou latè tankou dife. Gwo wòch yo tounen pousyè devan li.

7 Men, Senyè a gen bon kè tou: Jou malè, se li ki pwoteje pèp li. Li pran swen tout moun ki vin kache anba zèl li.

8 Tankou yon gwo lavalas k'ap desann, l'ap kraze tout kote lavil la te bati a. L'ap pousib tout lènmi l yo jouk li fini ak yo.

9 Kisa n'ap konplote konsa sou do Senyè a? L'ap detwi nou tout. Nou p'ap ka kenbe tèt avè l yon lòt fwa ankò.

10 Yo tankou yon gwo raje pikan. Atout yo vèt la, yo pral boule nèt tankou yon pil zèb chèch.

11 Lavil Niniv! Men yon nonm soti andan pwòp lakay ou. Tèt li bade ak move lide. L'ap fè konplo sou Senyè a.

12 Senyè a di pèp li a: — Lènmi ou yo te mèt anpil, y'ap mouri, sa ap fini pou yo. Mwen te fè nou soufri, men mwen p'ap fè nou sa ankò!

13 Koulyeya, mwen pral kraze pouvwa peyi k'ap peze nou an. M'ap kase tout chenn yo te pran pou mare nou yo.

14 Men lòd Senyè a bay sou moun peyi Lasiri yo: — Yo pral bliye non nou nèt. Mwen pral detwi tout ras nou. M'ap kraze tout estati zidòl nou gen nan tanp bondye nou yo, kit yo te an bwa, kit yo te an fè. M'ap pare yon tonm pou nou. Nou pa vo anyen ankò!

15 Gade! Men yon mesaje k'ap vin sou mòn yo! L'ap pote bòn nouvèl k'ap ban nou kè poze. Nou menm, moun peyi Jida, nou mèt fete tout fèt nou yo! Fè ofrann nou te pwomèt Bondye yo. Mechan an p'ap pase lakay nou ankò. Pouvwa li kaba nèt.

chevron_left Cap. 1 1 de 3 Cap. 2 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis