Oze 1

Haitian Contemporary Version

1 Men mesaj Senyè a te bay Oze, pitit Beri, nan tan Ozyas, Jotam, Akaz ak Ezekyas te wa, yonn apre lòt, nan peyi Jida. Lè sa a, Jewoboram te wa nan peyi Izrayèl.

2 Premye fwa Senyè a t'ap bay Oze mesaj pou pèp Izrayèl la, li di li konsa: — Leve non! Ale pran yon fanm jennès marye avè li. Timoun w'ap fè ak li yo ap gen menm san jennès la. Paske tout peyi a nèt vire do ban mwen. Yo pa kenbe pawòl yo ak mwen.

3 Se konsa, Oze leve, l'al marye ak Gomè, pitit fi Diblayim. Gomè vin ansent, li fè yon pitit gason.

4 Senyè a di Oze konsa: — W'a rele l Jizreyèl paske talè konsa, mwen pral pini wa Izrayèl la pou krim Jeou, zansèt li a, te fè lavil Jizreyèl. Mwen pral wete gouvènman an nan men moun ras Izrayèl yo.

5 Jou sa a, m'ap kraze tout zam pèp Izrayèl yo nan Fon Jizreyèl la.

6 Gomè vin ansent ankò. Li fè yon pitit fi. Lè sa a, Senyè a di Oze: — W'a rele li Sanpitye. Paske m'ap san pitye ankò pou moun Izrayèl yo. P'ap gen padon pou yo. Mwen menm tou, mwen pa Bondye yo ankò.

7 Men, m'ap gen pitye pou moun peyi Jida yo. Mwen menm, Senyè a, Bondye yo a, m'ap delivre yo. Men, mwen p'ap fè l ni avèk flèch, ni avèk nepe, ni nan goumen, ni avèk chwal ak kavalye.

8 Apre Gomè fin sevre Lowouchama, li vin ansent ankò. Li fè yon pitit gason.

9 Lè sa a, Senyè a di Oze: — W'a rele li Papèpmwen, paske moun Izrayèl yo pa moun pa mwen ankò. Mwen menm, mwen pa Bondye yo ankò.

10 Moun pèp Izrayèl yo va tankou sab bò lanmè: moun p'ap ka ni konte yo, ni konnen kantite ki va genyen. Si kounyeya Bondye ap di: Nou pa moun pa m ankò, yon jou la di yo: Nou se pitit Bondye vivan an.

11 Moun peyi Jida ak moun peyi Izrayèl va mete tèt yo ansanm ankò. Y'a chwazi yon sèl chèf pou mache alatèt yo. Y'a grandi. Zafè yo va mache nan peyi a. Wi, jou Jizreyèl la pral yon gwo jou.

chevron_left Cap. 1 1 de 14 Cap. 2 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis