Oze 10

Haitian Contemporary Version

1 Pèp Izrayèl la te tankou yon bèl pye rezen ki te konn donnen anpil. Plis pye rezen an t'ap donnen, se plis yo t'ap bati lotèl pou zidòl. Plis tè a t'ap bay, se plis yo t'ap fè pi bèl estati pou zidòl yo.

2 Yo pat sensè! Kounyeya, yo pral peye pou sa yo fè: Bondye pral kraze ni lotèl yo, ni estati yo.

3 Talè konsa, y'a di: — Nou pa gen wa, paske nou pa pè Senyè a. Lèfini, yon wa, sa l ka fè pou nou?

4 Men, tou sa se pale mete la. Y'ap fè sèman yo p'ap kenbe. Y'ap siyen kontra ki p'ap sèvi yo anyen. Nan tribinal, y'ap rann move jijman. Se tankou move zèb k'ap pouse nan yon jaden ou fenk pare.

5 Moun ki rete lavil Samari pral tranble tèlman y'ap pè pou ti bèf an lò Betavenn yo. Y'ap kriye paske yo pèdi l. Prèt yo tou ap pouse rèl, paske sa ki te fè pouvwa yo a, yo wete l nan mitan yo.

6 Yo pran zidòl la, yo mennen li ale nan peyi Lasiri. Yo fè gran wa a kado li. Yo pral fè Efrayim wont. Wi, moun Izrayèl sa yo pral wont paske yo t'ap swiv move konsèy.

7 Y'ap fini ak lavil Samari a, wa li a ap disparèt tankou kim sou dlo.

8 Yo gen pou yo fè disparèt tout kote pèp Izrayèl la te konn adore zidòl sou mòn Betavenn yo. Pikan ak raje ap pouse sou lotèl yo. Moun yo va rele, y'a mande mòn yo pou tonbe sou yo, y'a mande ti mòn yo pou kache yo.

9 Senyè a di: — Nou menm moun Izrayèl, depi nou te lavil Gibeya, n'ap fè peche. Depi lè sa a, nou pa janm sispann. Se konsa, lagè y'ap mennen kont mechan yo ap vire sou nou jouk lavil Gibeya.

10 Se poutèt sa, mwen sòti pou m pini yo. Moun lòt nasyon ap mete tèt ansanm sou do yo. Wi, y'ap pini yo akòz peche yo fè.

11 Yon femèl byen drese ki renmen travay Se sa menm menm Efrayim ye. Men dekouvri mwen fin dekouvri sa Mwen deside gade li byen nan kòd. Konsa Jida va rale chari raboure tè Jakòb ap pase dèyè kraze boul tè ki rete.

12 Mwen te di yo: Kenbe kè nou nan kondisyon pou nou sèvi Bondye. Fè sa ki dwat devan Bondye. Konsa n'a rekòlte benediksyon m'ap ban nou paske n'ap sèvi m ak tout kè nou. Fè bwa nèf. Wi, li lè pou nou tounen vin jwenn mwen. M'a vini, m'a vide benediksyon sou nou tankou lapli.

13 Men, nou te pito fè sa ki mal devan je m. Se konsa, nou rekòlte sa ki mal tou. N'ap peye manti nou te bay yo. Nou fè sa ki nan lide nou. Nou te mete konfyans nou nan gwo kantite sòlda nou te genyen.

14 Se konsa, lènmi pral tonbe sou moun nou yo. Y'a detwi tout fò nou yo. Se va tankou lè wa Chalman te sakaje lavil Betabèl jou gwo batay la. Lè sa a, yo te kraze ata manman ak pitit.

15 Men sa k'ap rive nou, nou menm moun lavil Betèl. Poutèt gwo mechanste nou te fè a, konmanse batay la va konmanse, wa Izrayèl la gen pou mouri.

chevron_left Cap. 9 10 de 14 Cap. 11 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis