Oze 3
Haitian Contemporary Version
1 Senyè a pale ak mwen ankò, li di m konsa: — Ale non, Oze! Al renmen yon fanm k'ap fè adiltè sou mari l ak yon lòt gason. Se pou ou renmen l menm jan mwen menm, Senyè a, mwen renmen pèp Izrayèl la, atout l'ap vire do ban mwen al jwenn lòt bondye, atout li renmen ofri gato rezen ba yo.
2 Se konsa, m'al peye pou retounen ak madanm mwen k'ap twonpe m'. Mwen peye kenz pyès ajan ak sèt barik diri pou li.
3 Mwen di l. — Ou pral rete avè m atò, machè! Ou pral sispann lage kò ou nan dezòd. Ou pa pral kouche ak okenn gason. Mwen menm tou, mwen p'ap nan kouche avè ou.
4 Konsa tou, moun Izrayèl yo pral rete pase kèk tan san wa, san chèf, san fè ofrann bèt, san wòch lotèl, san plastwon pou prèt yo.
5 Apre sa, moun Izrayèl yo va tounen sou sa yo te fè a. Senyè a, Bondyè yo a, va fè yo chache l, y'a tounen vin jwenn David, wa yo a. Y'a gen krentif pou Senyè a. Apre sa, y'a toujou resevwa favè l.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol