Jij Chapit 18

Haitian Contemporary Version

1 Nan tan sa a pat gen wa nan peyi Izrayèl la. Lè sa a, moun branch fanmi Dann yo t'ap chache yon pòsyon tè nan peyi a pou yo rete, paske depi tout tan sa a, nan tout branch fanmi pèp Izrayèl la, yo pat ankò resevwa pòsyon pa yo a.

2 Moun Dann yo chwazi senk vanyan gason ki gen lespri nan branch fanmi yo, moun lavil Soreja ak moun lavil Echtawòl, yo voye yo al vizite tout peyi a pou wè ki jan sa ye. Se konsa, y'al nan mòn Efrayim yo, yo rive toupre lakay Mika, yo rete pase lannwit lan la.

3 Antan yo te la bò kay Mika a, yo rekonèt vwa jenn moun Levi a. Yo pwoche, yo mande l: — Ki moun ki mennen ou isit la? Sa w'ap fè isit la? Kisa ou pèdi isit la?

4 Li reponn yo: — Mwen gen yon dizon ak Mika, l'ap peye m, epi m'ap sèvi l prèt.

5 Yo di l konsa: — Tanpri, mande Bondye si n'ap jwenn sa n'ap chache nan vwayaj nou an.

6 Prèt la di yo: — Nou pa bezwen pè. Senyè a ap voye je sou nou pandan tout vwayaj la.

7 Senk mesye yo ale, yo rive lavil Layis. Yo wè ki jan moun ki te rete Layis yo te san pwoblèm, tankou moun peyi Sidon yo. Se te yon bann moun ki t'ap viv byen yonn ak lòt, ki pat nan kont ak pèsonn nan peyi a. Yo te gen tou sa yo te bezwen. Yo t'ap viv byen lwen moun peyi Sidon yo, yo pat mele ak pèsonn moun lòt nasyon yo.

8 Mesye yo tounen lavil Soreja ak lavil Echtawòl. Fanmi yo mande yo kisa yo wè.

9 Yo reponn: — Nou wè peyi a. Li bon anpil. Pa rete isit la bra kwaze ap gade. Prese non! Ann moute al pran peyi a pou nou.

10 Lè n'a rive, n'a jwenn yon bann moun ki p'ap sispèk anyen. Peyi a laj anpil. Se Bondye menm ki ban nou peyi a. Se kote n'ap jwenn tou sa nou ka bezwen.

11 Se konsa sisan (600) gason nan branch fanmi Dann lan, yo tout moun lavil Soreja ak moun lavil Echtawòl, yo chak ak zam nan men yo, yo pati al goumen.

12 Yo moute, yo rete toupre lavil Kiryat-Jeyarim, nan peyi Jida, sou bò solèy kouche. Se poutèt sa, jouk jodi a, yo rele kote sa a Bitasyon Dann.

13 Apre sa, yo kite kote yo te ye a, y'al nan mòn Efrayim yo, yo rive bò kay Mika a.

14 Lè sa a, senk mesye yo te voye al espyonnen peyi ki nan vwazinay lavil Layis la di lòt moun ki te avèk yo konsa: — Eske nou konnen nan yonn nan kay sa yo, gen yon estati ansanm ak lòt zidòl wogatwa? Gen yon estati an bwa ki kouvri ak ajan tou. Kisa nou kwè nou ta fè la a?

15 Yo fè yon ti chankre, yo antre lakay Mika, kote jenn moun fanmi Levi a te rete a. Yo mande l nouvèl li.

16 Sisan moun fanmi Dann yo te kanpe ak tout zam yo nan men yo bò pòt devan an.

17 Senk mesye yo te voye al espyonnen peyi a antre nan kay la, yo pran estati a, zidòl wogatwa yo ak estati bwa ki kouvri ak lajan an. Prèt la menm te rete bò pòt devan an ak sisan sòlda ame yo.

18 Lè prèt la wè senk mesye yo ki t'ap soti lakay Mika ak estati a, zidòl wogatwa yo ak estati bwa ki kouvri ak lajan an, li di yo: — Sa n'ap fè la a?

19 Yo reponn li: — Pe bouch ou, monchè! Ou pa bezwen di anyen! Vin avèk nou, w'a sèvi nou konseye, w'a prèt nou tou. Sa ou pi pito: prèt fanmi yon grenn moun osinon prèt tout yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la?

20 Sa te fè kè prèt la kontan. Li pran zidòl la, estati a ak lòt zidòl wogatwa yo epi l'ale ak yo.

21 Mesye yo reprann chemen yo, y'al fè wout yo. Yo fè timoun yo pran devan ansanm ak bèt yo ak tout lòt bagay yo.

22 Yo te deja kite kay Mika a yon bèl ti bout, lè moun nan vwazinay kay Mika yo sanble. Yo tanmen rapousib moun Dann yo.

23 Yo t'ap rele dèyè yo. Moun Dann yo vire, yo mande Mika: — Sa ki genyen? Poukisa tout moun sa yo dèyè nou an?

24 Mika reponn yo: — N'ap mande m sa ki genyen menm? Nou fin vòlò estati zidòl yo, ansanm ak prèt mwen an epi n'al fè wout nou. Ak kisa nou kite m la a?

25 Moun Dann yo di l konsa: — Pa pale fò sou nou konsa, tande. Mesye yo va fache. Y'a tonbe sou ou. Lè sa a, ni ou ni moun lakay ou yo, n'a pèdi lavi nou.

26 Aprè sa, moun Dann yo al fè wout yo. Mika menm, lè li wè mesye yo te pi fò pase l, li tounen tounen l, l'al lakay li.

27 Moun Dann yo te pran bagay Mika te fè yo ansanm ak prèt ki t'ap sèvi li a pou yo. Yo rive lavil Layis, kote moun yo t'ap viv byen yonn ak lòt san bri san kont, yo atake lavil la. Yo bat moun yo, yo touye yo tout epi yo met dife nan lavil la.

28 Pat gen pèsonn pou vin sove moun sa yo anba men moun Dann yo, paske lavil la te lwen peyi Sidon an anpil, lèfini tou, moun yo pat mele ak pèsonn moun lòt nasyon yo. Lavil la te nan menm fon ak lavil Bètreyòb la. Moun Dann yo rebati lavil la, yo rete ladan l.

29 Yo rele l lavil Dann, menm non ak Dann, zansèt yo a, pitit gason Jakòb la. Anvan sa, lavil la te rele Layis.

30 Moun Dann yo fè yon zidòl pou yo sèvi. Se Jonatan, pitit gason Gèchon ki li menm te pitit Moyiz, ki te sèvi yo prèt. Se pitit li yo ki te toujou sèvi yo prèt apre sa jouk lè yo te depòte pèp la nan peyi etranje.

31 Zidòl Mika a te rete la nan mitan yo pandan tout tan kay Bondye a te lavil Silo.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis