Jij Chapit 5

Haitian Contemporary Version

1 Jou sa a, Debora ak Barak, pitit gason Obinoram lan, pran chante chante sa a:

2 — Lwanj pou Senyè a, lè moun pèp Izrayèl yo sòti pou yo goumen, lè pèp la pote tèt li ak kè kontan pou fè lagè!

3 Nou menm wa yo, koute sa m'ap di! Nou menm gwo chèf yo, louvri zòrèy nou! Mwen pral chante pou Senyè a! Mwen pral fè lwanj Sengè a, Bondye pèp Izrayèl la!

4 Senyè! Lè ou te kite mòn Seyi yo, lè ou te sòti nan zòn peyi Edon an, latè te pran tranble, lapli tonbe anpil sot nan syèl la. Wi, nyaj yo pran lage dlo.

5 Mòn yo pran tranble devan ou, Ou menm Senyè mòn Sinayi a, Devan Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la!

6 Sou tan Chanmga, pitit gason Anat la, ak sou tan Jayèl, bann machann yo te sispann pwonmennen nan tout peyi a ak bèt yo. Vwayajè yo te blije pase nan lòt chemen.

7 Lavil peyi Izrayèl yo pat gen moun ladan yo ankò pou pran defans yo. Yo te rete san moun pou defann yo, jouk jou mwen menm, Debora, mwen parèt tankou yon manman pou pèp Izrayèl la.

8 Lè sa a, te prèt pou gen lagè nan peyi a. Moun pèp Izrayèl yo tanmen sèvi lòt bondye. Lè sa a tou, te gen karantmil (40.000) gason nan pèp Izrayèl la. Men, pat gen yon plak pwotèj ak frenn pou yo sèvi.

9 Mwen kontan chèf k'ap konmande pèp Izrayèl la! Mwen kontan moun ki te pote tèt yo pou y'al goumen! Lwanj pou Senyè a!

10 Nou menm ki moute manman bourik blan yo, nou menm ki chita sou bèl tapi, nou menm k'ap mache apye sou gran chemen, kalkile sa byen!

11 Koute vwa moun ki al bò sous dlo yo! Y'ap rakonte tout bèl bagay Senyè a te fè, bèl bagay li te fè pou pèp Izrayèl la. Lè sa a, pèp Senyè a te desann bò pòtay yo.

12 Annavan! Debora! Annavan! Annou wè! Chante yon chante! Annavan! Annavan! Barak! pitit gason Abinoram lan! Mennen prizonye yo vini!

13 Lè sa a, sa ki pat vire do bay Bondye yo desann vin jwenn chèf yo. Pèp Senyè a vin jwenn li, tou pare pou lagè.

14 Yo sòti nan mòn Efrayim yo desann nan fon an, dèyè moun Benjamen yo ak sòlda lame yo. Kòmandan lame yo desann sòti Maki, jeneral yo sòti nan peyi Zabilon.

15 Chèf branch fanmi Isaka yo te la avèk Debora. Wi, moun Isaka yo vini, Barak te vini tou. Yo swiv li nan tout plenn lan. Men, moun branch fanmi Riben yo te divize. Yo pat ka deside pou yo vini.

16 Poukisa yo rete dèyè ak mouton yo? Pou yo te ka tande gadò yo ap rele bann mouton yo? Wi, moun Riben yo te anbalan. Yo pa te ka deside si y'ap vini, si yo p'ap vini!

17 Moun Galarad yo te rete rete yo lòt bò larivyè Jouden an. Moun Dann yo rete rete yo sou bato yo. Moun Asè yo rete rete yo bò lanmè a, yo rete sou tout rivay yo.

18 Men, moun Zabilon yo ak moun Neftali yo al brave danje kote batay la ye a.

19 Wa yo vini, yo kwaze fè bò Tanak, toupre sous dlo Megido a. Wa peyi Kanaran yo goumen, men yo pa jwenn anyen pou yo pote ale! Pa menm yon ti moso ajan!

20 Zetwal yo rete nan syèl la yo goumen. Yo rete kote y'ap mache nan syèl la, yo goumen ak Sizera.

21 Dlo ravin Kichon an desann pote yo ale. Wi, se ansyen ravin lan, ravin Kichon an, ki fè sa. M'ap mache pran yo, je m byen kale!

22 Lè sa a, yo tande chwal yo ki t'ap galope ale. Chwal yo t'ap pilonnen tè a ak zago yo.

23 Zanj Senyè a di: Ann mande madichon pou lavil Mewòz! Madichon, madichon pou tout moun k'ap viv nan lavil la. Yo pat vin ede Senyè a, yo pat voye sòlda goumen pou li.

24 Nan tout fanm ki sou latè, Jayèl se yon fanm Bondye beni anpil. Wi, Jayèl, madanm Ebè, moun fanmi Kenit, Nan tout fanm ki sou latè, Se yon fanm Bondye beni anpil.

25 Sizera mande l dlo, li ba li lèt. Li ba l yon krèm lèt nan pi bèl bòl li te genyen.

26 Li pran yon pikèt tant nan men gòch li, yon mato travayè nan men dwat li. Li frape Sizera nan tèt ak mato a, li krabouye tèt li. Li pèse tanp li, li touye l.

27 Sizera tonbe sou jenou, li woule atè, epi li mouri nan pye Jayèl. Wi, nan pye madanm lan, li tonbe sou jenou li yo, li woule atè. Kote li kouche a, li mouri frèt.

28 Manman Sizera ap gade nan fennèt la. L'ap gade dèyè jalouzi a, l'ap mande: — Kote cha pitit mwen an depi tout tan sa a? Poukisa chwal li yo pran tout reta sa a pou yo vini?

29 Lè sa a, medam ki gen plis konprann nan sèvant li yo reponn li. Li menm tou, li t'ap repete nan kè l:

30 — Kounyeya yo dwe ap separe sa yo pran nan men lènmi yo! Yon fi, de fi pou chak sòlda, bèl twal koulè byen bwode pou Sizera, yon gwo mouchwa bwode byen bèl pou l mete nan kou l.

31 Wi, Senyè! Se konsa pou tout lènmi ou yo mouri. Men, zanmi ou yo ap klere tankou solèy midi. Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan.

Vèsè Jou a

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Wè vèsè konplè →

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri gratis