Jòb Chapit 23
Haitian Contemporary Version
1
Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa:
2
— Fwa sa a ankò, m'ap kenbe tèt ak Bondye, m'ap plenyen nan pye l. Se plenn m'ap plenn pou sa m'ap pase anba men l.
3
Si m te ka konnen kote pou m jwenn li, mwen ta rive kote l ye a.
4
M ta defann kòz mwen devan li. M ta di l dènye sa ki nan lide m pou defann tèt mwen.
5
M ta konnen jan l'ap reponn mwen, m ta tande sa l'ap di m.
6
Eske Bondye ta pral sèvi ak tout fòs li pou diskite avè m? Non. Li ta rete koute m ase.
7
Li ta wè moun k'ap pale avè l la se yon moun ki toujou mache dwat. Li menm k'ap jije m lan, li ta rekonèt mwen inonsan.
8
M'ale bò solèy leve, Bondye pa la. M'ale bò solèy kouche, mwen pa wè l tou.
9
Mwen moute nan nò al chache l, m pa wè l. Mwen desann nan sid, bichi!
10
Men, Bondye konnen tout ti vire tounen mwen. Si li sonde m, la wè m bon tankou bon lò ki pase nan dife.
11
M mache pye pou pye dèyè l. M swiv chemen li mete devan m lan. M pa janm devire ni adwat ni agòch.
12
Mwen toujou fè tou sa li bay lòd fè. Mwen te fè volonte l, mwen pa fè sa m te gen nan tèt mwen.
13
Men, lè Bondye fin deside yon bagay, ki moun ki ka fè l chanje lide? Ki moun ki ka enpoze l fè sa li vle fè a?
14
L'ap toujou fè m sa li vle fè m lan. Sa se yonn nan tout bagay li deside fè yo.
15
Se poutèt sa, m'ap tranble devan l. Lè m chonje sa, mwen sòti pè l.
16
Men wi, se Bondye k'ap kraze kouray mwen. Se Bondye menm mwen sòti pè. Se pa fènwa a.
17
Fènwa a kache Bondye pou m pa wè l. L enpoze m santi prezans li. Se tout!
Refere pa 1
Referans kwa: OpenBible.info · CC BY 4.0
Vèsè Jou a
"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."
— Sòm 119:105
Wè vèsè konplè →Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a
Enskri gratis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol