Levitik Chapit 23

Haitian Contemporary Version

1 Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:

2 — Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Men jou pou nou mande pèp la pou li reyini pou fè fèt pou Senyè a. Men lè pou nou fè fèt pou mwen.

3 Chak senmenn nou gen sis jou pou n fè travay nou. Men, setyèm jou a se jou repo. Jou sa a, piga nou fè okenn travay. Se jou n'a reyini pou n fè sèvis pou Bondye. Jou repo a se pou Senyè a li ye. Nenpòt kote nou rete jou sa a, piga nou fè okenn travay lakay nou.

4 Men jou pou nou fè fèt pou Senyè a, jou pou nou mande pèp la pou li reyini pou fè fèt pou Senyè a. Men dat pou nou reyini pèp la pou fèt yo:

5 N'a fete fèt Delivrans lan pou Senyè a chak lanne, nan katòzyèm jou premye mwa a. N'a konmanse fèt la lè solèy fin kouche.

6 Sou kenzyèm jou premye mwa a, n'a konmanse fèt pen san ledven yo. Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven.

7 Premye jou a, n'a reyini tout pèp la pou n fè sèvis pou Bondye. Nou p'ap fè okenn gwo travay jou sa a.

8 Pandan sèt jou n'a boule ofrann nan dife pou Senyè a. Sou setyèm jou a, n'a reyini tout pèp la ankò pou n adore Senyè a. Jou sa a, nou p'ap fè okenn gwo travay nonplis.

9 Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:

10 — Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Men sa pou ou di yo. Lè n'a antre nan peyi m'ap ban nou an, lè n'a fin ranmase premye rekòt grenn nan jaden nou, n'a pran premye makout la, n'a pote l bay prèt la.

11 Prèt la va balanse l devan Senyè a tankou yon ofrann espesyal, pou Senyè a ka asepte resevwa nou. Prèt la va fè ofrann lan jou ki vini apre jou repo a.

12 Jou n'ap fè ofrann premye makout rekòt la, n'a pran yon ti belye ki pa gen okenn enfimite epi ki poko gen ennan, n'a boule l nèt pou Senyè a.

13 N'a ofri ansanm avè l tou katòz ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv pou nou boule nan dife pou Senyè a. Bon sant ofrann lan va fè Senyè a plezi. N'a ofri tou yon boutèy ka diven pou yo vide pou Senyè a.

14 Piga nou pran nan grenn nou fenk rekòlte yo ni pou nou manje kri, ni pou nou griye, ni pou nou fè pen, toutotan nou pa pote ofrann premye grenn yo bay Senyè a. Se va yon regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase.

15 N'a konte sèt senmen antye, depi jou nou te pote premye makout rekòt la ofri bay Senyè a, apre jou repo a.

16 Wi, n'a konte senkant jou. Sa va mennen nou sou jou ki vini apre setyèm jou repo a. N'a fè yon lòt ofrann grenn jaden bay Senyè a.

17 Chak fanmi va sòti lakay yo ak de gwo pen pou yo ofri bay Senyè a. Chak pen va fèt ak de liv farin kwit ak ledven. Y'a ofri yo bay Senyè a tankou ofrann premye grenn yo rekòlte.

18 Ansanm ak pen yo, pèp la va ofri sèt ti mouton ki poko gen ennan, yon jenn ti towo bèf ak de belye. Fòk tout bèt sa yo pa gen okenn enfimite. Y'a boule yo nèt nan dife pou Senyè a, ansanm ak ofrann grenn jaden yo ak ofrann diven an. Bon sant ofrann sa a va fè Senyè a plezi.

19 N'a touye tou yon bouk ki va sèvi ofrann pou peye pou tou sa nou fè ki mal, ak de ti mouton ki poko gen ennan ki va sèvi ofrann pou di Bondye mèsi.

20 Prèt la va balanse pen yo ansanm ak de ti mouton yo tankou yon ofrann espesyal devan Senyè a. Ofrann sa yo se bagay ki apa nèt pou Senyè a. Se pou prèt yo yo ye.

21 Jou sa a, n'a reyini pèp la pou l adore Bondye. Pèsonn p'ap fè gwo travay. Sa se regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase.

22 Lè n'ap fè rekòt nan jaden nou, se pa pou nou ranmase grenn ki toupre lizyè jaden an, ni nou pa bezwen tounen dèyè pou ranmase grenn ki te tonbe atè. W'a kite yo pou moun peyi a ki pa genyen ak pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!

23 Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:

24 — Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Men sa pou ou di yo: Premye jou setyèm mwa a va yon gwo jou repo pou nou. Jou sa a n'a kònen twonpèt pou fè moun yo chonje se jou pou yo reyini pou adore Bondye.

25 Piga nou fè gwo travay. N'a fè ofrann pou yo boule nan dife pou Senyè a.

26 Senyè a pale ak Moyiz, li di l:

27 — Dizyèm jou sètyèm mwa sa a, se gran jou padon an li ye. N'a reyini tout moun pou n adore Bondye. N'a fè jèn epi n'a fè ofrann pou yo boule nan dife devan Senyè a.

28 Jou sa a, nou p'ap travay menm, paske se gran jou padon an, jou pou nou fè sèvis pou Senyè a, Bondye nou an, pou nou mande l fè nou gras.

29 Si yon moun mete anyen nan bouch li jou sa a, y'ap wete l nan mitan pèp li a.

30 Si yon moun travay jou sa a, se mwen menm, Senyè a, k'ap touye l.

31 Nou pa pou fè anyen jou sa a. Sa se regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase.

32 Se va yon gwo jou repo, jou nou p'ap fè okenn travay. Depi lè solèy kouche nan nevyèm jou mwa a jouk lè li kouche ankò dizyèm jou a, n'a rete san manje.

33 Senyè a pale ak Moyiz, li di l:

34 — Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: N'a fete fèt joupa yo pandan sèt jou. N'a konmanse sou kenzyèm jou setyèm mwa a.

35 Premye jou a, n'a reyini tout moun pou adore Bondye. Pèsonn p'ap fè gwo travay jou sa a.

36 Chak jou, pandan sèt jou, n'a boule ofrann nan dife pou Senyè a. Sou uityèm jou a, n'a reyini moun yo ankò pou adore Bondye, epi n'a boule ofrann nan dife pou Senyè a. Se va yon jou pou adore Bondye. Jou sa a, piga nou fè gwo travay.

37 Men fèt pou nou fete pou Senyè a. Men jou n'a reyini tout moun pou yo fè sèvis pou Bondye. Men ofrann pou nou boule nan dife pou Senyè a, se ka bèt pou nou boule nèt, se ka ofrann grenn jaden, se ka bèt pou nou touye, se ka ofrann diven. Chak jou fèt gen ofrann pa li.

38 Apa tout jou repo Senyè-yo, n'a fete fèt sa yo tou. Apa kado pou nou fè nòmalman, apa ofrann n'ap fè paske nou te fè ve, apa ofrann n'ap fè pou Senyè a paske nou te vle fè l, n'a fè ofrann sa yo.

39 Sou kenzyèm jou setyèm mwa a, n'a fè fèt pou Senyè a pandan sèt jou, apre n'a fin rekòlte jaden nou yo. Premye jou a ak uityèm jou a va de gwo jou repo.

40 Premye jou a, n'a keyi pi bon fwi nan pye sitwon nou yo, n'a koupe fèy nan pye dat nou yo ak branch nan pye jasmen ak pye sikren, n'a fè kè nou kontan devan Senyè a, Bondye nou an, pandan sèt jou.

41 Chak lanne, pandan sèt jou nan setyèm mwa a, n'a fete fèt sa a pou mwen menm, Senyè a, Bondye nou an. Sa se yon regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit.

42 Pandan sèt jou tout moun pèp Izrayèl yo va rete anba joupa. Wi, n'a rete anba joupa pandan sèt jou.

43 Konsa, pitit pitit nou yo va konnen mwen menm, Senyè a, mwen te fè pèp Izrayèl rete anba joupa lè mwen te fè yo sòti kite peyi Lejip la. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!

44 Se konsa Moyiz te bay moun pèp Izrayèl yo tout kalite fèt pou yo fete pou Senyè a.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis