Levitik Chapit 3

Haitian Contemporary Version

1 Lè yon moun ap ofri yon bèt pou di Bondye mèsi, si se yon gwo bèt l'ap ofri, l'a bay yon towo osinon yon gazèl bèf ki pa gen okenn enfimite.

2 L'a mete men l sou tèt bèt l'ap ofri a, l'a touye l devan pòt Tant Randevou a. Prèt yo, pitit Arawon yo, va voye san an sou kat bò lotèl la.

3 Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès ki vlope tripay la, de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo tout nan dife pou Senyè a.

5 Pitit Arawon yo va boule tou sa sou lotèl la ansanm ak ofrann boule ki deja sou dife a. Se yon ofrann yo boule nèt pou Senyè a, bon sant li fè li plezi.

6 Si se yon ti bèt moun lan vle ofri, l'a bay yon mouton osinon yon kabrit, bouk ou fenmèl, men ki pa gen okenn enfimite.

7 Si se yon ti mouton l'ap ofri bay Senyè a, l'a mennen l devan lotèl Senyè a,

8 l'a mete men l sou tèt bèt l'ap ofri a, l'a touye l la devan pòt Tant Randevou a. Apre sa, pitit Arawon yo va voye san an sou kat bò lotèl la.

9 Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès la, ke y'a koupe ra koupyon an, grès ki vlope tripay la,

10 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo nan dife pou Senyè a.

11 Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Se konsa y'a sèvi pou fè yon ofrann boule nèt pou Senyè a.

12 Si se yon kabrit li vle ofri, l'a mennen l devan lotèl Senyè a.

13 L'a mete men l sou tèt li, l'a touye l la devan Tant Randevou a. Lèfini, pitit Arawon yo va voye san an sou kat bò lotèl la.

14 L'a pran pati sa yo: grès ki vlope tripay la, de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo nan dife pou Senyè a.

16 Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Tout grès la se pou Senyè a li ye. Se yon ofrann ou boule nèt pou Senyè a kote bon sant li ap fè li plezi.

17 Piga nou janm manje ni grès ni san. Sa se yon regleman pou nou swiv, de pitit an pitit, kote nou pase.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis