Levitik Chapit 8

Haitian Contemporary Version

1 Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:

2 — Pran Arawon ak pitit gason li yo avè ou. W' a pote rad seremoni yo, lwil konsekrasyon an, towo yo ofri pou peye pou sa moun fè ki mal la, de belye mouton yo ak panyen pen san ledven yo tou.

3 Apre sa, w'a rele tout pèp la pou yo sanble devan pòt kay Randevou a.

4 Moyiz fè sa Senyè a te ba li lòd fè a, epi tout pèp la sanble devan pòt kay Randevou a.

5 Moyiz di moun yo: — Men sa Senyè a te ban mwen lòd fè a.

6 Lè sa a Moyiz fè Arawon ak pitit gason l yo pwoche, li benyen yo nan dlo.

7 Lèfini, li mete chemiz la ak gwo rad la sou Arawon, li mare sentiwon an nan ren li. Apre sa, li mete jile a sou li, li mare bèl sentiwon jile a nan ren l.

8 Epi li mete plastwon an sou li, li mete ourim ak tourim yo nan pòch plastwon an.

9 Li mete bonèt la nan tèt Arawon, li pran plak lò a, li tache li devan bonèt la, dapre lòd Senyè a te ba li.

10 Apre sa, Moyiz pran lwil konsekrasyon an, li voye li sou kay Bondye a ak tout bagay ki ladan li. Konsa li konsakre yo pou sèvis Senyè a.

11 Li voye lwil la sèt fwa sou lotèl la ak sou tout bagay ki sèvi sou lotèl la, sou kivèt la ak sou pye li. Konsa li konsakre yo pou sèvis Bondye.

12 Apre sa li pran lwil konsekrasyon an, li vide li sou tèt Arawon. Konsa li konsakre li pou Bondye.

13 Moyiz fè pitit gason Arawon yo pwoche, li mete rad sou yo, li pase sentiwon nan ren yo, li mete bonèt nan tèt yo dapre lòd Senyè a te ba li.

14 Apre sa, Moyiz fè mennen ti towo yo ofri pou peye pou sa moun fè ki mal la. Arawon ak pitit gason l yo mete men yo sou tèt li.

15 Lèfini, Moyiz touye towo a. Li tranpe dwèt li nan san li epi li mete tigout san sou kat kòn lotèl la. Apre sa, li fè ofrann sou lotèl la pou peye pou tou sa moun fè ki mal. Li vide tout rès san an atè nan pye lotèl la. Konsa li konsakre li pou Bondye pou li ka sèvi pou fè seremoni sèvis padon peche.

16 Apre sa, Moyiz pran grès ki vlope tripay yo, mas grès ki sou fwa a, ansanm ak de wonyon yo ak tout grès yo, li boule yo nèt sou lotèl la.

17 Men, li pran tout vyann ti towo a, po a ak tout tripay la. Li boule yo deyò limit kote yo rete a, dapre lòd Senyè a te ba li.

18 Apre sa, Moyiz fè mennen belye mouton ki pou boule nèt pou Senyè a. Arawon ak pitit gason l yo mete men yo sou tèt li.

19 Moyiz touye l, li pran san an, li vide l tout arebò lotèl la.

20 Li dekoupe belye a an divès moso. Apre sa, li boule tèt la, moso vyann yo ak tout moso grès yo nèt sou lotèl la.

21 Moyiz lave tripay yo ak pye yo. Apre sa, li boule tout towo a nèt sou lotèl la. Se te yon bèt li ofri pou boule nèt pou Senyè a. Se yon ofrann bèt bon sant li ap fè Senyè a plezi, dapre lòd Senyè a te ba li.

22 Apre sa, Moyiz fè mennen lòt belye mouton an, belye ki pou sèvi nan seremoni pou mete prèt yo apa pou Senyè a. Arawon ak pitit gason l yo mete men yo sou tèt li.

23 Moyiz touye l, li pran ti gout nan san belye a, li mete l sou tete zòrèy dwat Arawon, sou pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.

24 Apre sa, Moyiz fè pitit gason Arawon yo pwoche, li mete ti gout san sou tete zòrèy dwat yo, sou gwo pous men dwat yo ak sou gwo zòtèy pye dwat yo. Lèfini, Moyiz pran rès san an, li vide l tout arebò lotèl la.

25 Apre sa, li pran tout moso grès yo, ke a, tout grès ki vlope tripay yo, moso grès ki sou fwa a, de wonyon yo ak tout grès yo, ansanm ak jigo dwat la.

26 Nan panyen pen san ledven ki devan Senyè a, li pran yon pen antye, yon gato fèt ak lwil, ak yon pen rale. Li mete yo sou moso grès yo ak sou jigo dwat la.

27 Apre sa, li mete tout bagay sa yo nan men Arawon ak nan men pitit gason l yo, li balanse yo devan Senyè a tankou yon ofrann.

28 Apre sa, Moyiz pran ofrann yo nan men yo, li boule yo sou lotèl la anwo ofrann ki t'ap boule deja a. Se te yon ofrann pou bay prèt yo pouvwa pou yo sèvi Bondye, yon ofrann bèt k'ap boule nèt nan dife pou Senyè a, yon ofrann bèt k'ap fè Senyè a plezi ak bon sant li.

29 Moyiz pran moso pwatrin lan, li balanse l devan Senyè a tankou yon ofrann. Nan belye ki te sèvi nan seremoni pou mete prèt yo apa a, se pòsyon sa a ki te pou Moyiz, dapre lòd Senyè a te bay Moyiz la.

30 Lè sa a, Moyiz pran nan lwil konsekrasyon pou sèvis Bondye a, li melanje li ak san ki sou lotèl la, li voye li sou Arawon ak sou tout rad li yo, sou pitit gason Arawon yo ak sou tout rad yo.

31 Moyiz pale ak Arawon ansanm ak pitit gason l yo, li di yo: — N'a fè kwit vyann belye a devan pòt Tant Randevou a. Se la n'a manje l tou ansanm ak pen ki nan panyen ofrann yo fè lè nou t'ap resevwa pouvwa pou fè sèvis pou Bondye a, dapre lòd mwen te resevwa lè li te di m: Arawon ak pitit gason l yo va manje vyann belye a.

32 Si gen rès nan vyann lan ak nan pen an ki rete apre yo fin manje, n'a boule l nan dife.

33 Pandan sèt jou, nou p'ap soti devan pòt Tant Randevou a jouk lè y'a fini ak seremoni konsekrasyon pou sèvis Bondye a. Paske y'ap pran sèt jou pou fè serenomi pou ban nou pouvwa pou fè sèvis Bondye.

34 Sa nou wè nou fè jòdi a, se Senyè a menm ki te bay lòd pou nou te fè l pou peye pou tou sa nou te fè ki mal.

35 Pandan sèt jou, lajounen kou lannwit, n'a rete la devan pòt Tant Randevou a, epi n'a fè tou sa Senyè a te ban nou lòd fè a. Si se pa sa, n'a mouri. Wi, men lòd Senyè a te ban mwen an.

36 Se konsa, Arawon ak pitit gason l yo te fè tou sa Moyiz te di yo Senyè a te ba yo lòd fè a.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis