Neyemi Chapit 7
Haitian Contemporary Version
1
Lè nou te fin rebati miray la, nou moute gwo batan pòtay yo. Nou bay gad Tanp yo, moun k'ap chante yo ak moun Levi yo travay yo gen pou yo fè.
2
Mwen mete de moun reskonsab pou gouvènen lavil Jerizalèm lan. Se te Anani, frè mwen an, ak Ananya, kòmandan gwo fò a. Ananya sa a te yon nonm serye ki te gen krentif pou Bondye. Pat gen tankou l.
3
Mwen di yo pa kite yo louvri pòtay lavil Jerizalèm yo nan maten toutotan solèy la pa konmanse cho. Konsa tou, aswè se devan yo pou yo fè fèmen batan pòtay yo epi pou yo mete ba yo dèyè pòtay yo anvan gad yo leve pòs lè solèy pral kouche. Y'a chwazi kèk moun nan moun ki rete lavil Jerizalèm yo, yon seri pou fè pòs sou miray la, yon lòt pou fè patwouj bò lakay yo.
4
Lavil la te gran anpil, te gen anpil espas, men pat gen anpil moun ki t'ap viv ladan l. Yo pat ankò rebati anpil kay.
5
Bondye mete nan tèt mwen lide pou m sanble tout pèp la ak chèf yo, majistra yo, pou m fè yon resansman, fanmi pa fanmi. Nal tonbe sou ansyen rejis resansman premye moun ki te tounen nan peyi a. Nan rejis sa a m te jwenn
6
lis moun ki te kite pwovens Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo te moun. Se moun sa yo wa Nebikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn.
7
Men non chèf ki te vin ak yo: Zowobabèl, Jozye, Neyemi, Azarya, Ramiya, Nachamani, Madoche, Bilchan, Misperèt, Bigwayi, Nawoum ak Bana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak branch fanmi:
8
Nan fanmi Pareòch yo, demil sanswasanndouz (2.172) moun,
11
nan fanmi Pakat-Mowab yo, pitit pitit Jechwa ak Joab, demil witsandizwit (2.818) moun,
26
Men lis moun ki te tounen dapre non lavil kote yo moun: Pou lavil Betleyèm ak pou lavil Netofa, sankatrevenntwit (188) moun,
Referans kwaze
Esd 2:21-22
29
pou lavil Kiriyat-Jearim, lavil Kefira ak lavil Bewòt, sètsankaranntwa (743) moun,
32
pou lavil Betèl ak pou lavil Ayi, sanvenntwa (123) moun,
37
pou lavil Lòd ansanm ak pou lavil Adid ak Ono, sètsanventeyen (721) moun,
39
Men lis prèt ki te tounen, dapre non fanmi yo: Nan pitit Jedaja ki te sòti nan branch fanmi Jozye a, nèfsanswasanntrèz (973) moun,
41
nan pitit Pachou yo, mil desankarannsèt (1.247) moun,
43
Men lis moun Levi ki te tounen yo: Te gen swasannkatòz moun nan pitit Jechwa ak pitit Kadmyèl ki sòti nan branch fanmi Odva a.
44
Te gen sankaranntwit (148) sanba, moun ki konn chante ak moun ki konn fè mizik nan Tanp lan, epi ki sòti nan branch fanmi Asaf la.
45
Te gen santranntwit (138) moun ki pou sèvi gad nan pòtay Tanp lan epi ki sòti nan branch fanmi Chaloum, branch fanmi Atè, branch fanmi Talmon, branch fanmi Akoub, branch fanmi Atita ak branch fanmi Chobayi.
46
Men lis moun yo te bay pou travay nan Tanp Bondye a, epi ki te tounen nan peyi a. Se moun fanmi Zika, moun fanmi Asoufa ak moun fanmi Tabayòt,
49
moun fanmi Anan, moun fanmi Gidèl ak moun fanmi Gaka,
50
moun fanmi Reaja, moun fanmi Rezin ak moun fanmi Nekoda,
53
moun fanmi Bakbouk, moun fanmi Akoufa ak moun fanmi Awou,
56
moun fanmi Nezyak ak moun fanmi Atifa.
57
Men lis non moun nan branch fanmi domestik Salomon yo ki te tounen nan peyi a: Moun fanmi Sotayi, moun fanmi Asoferèt ak moun fanmi Perida,
59
moun fanmi Chefatya, moun fanmi Atil, moun fanmi Pokerèt, moun fanmi Azebayim ak moun fanmi Amon.
Referans kwaze
Esd 2:57
60
Konsa, men kantite moun ki sòti nan fanmi travayè Tanp lan ak domestik Salomon yo: antou twasankatrevenndouz (392).
Referans kwaze
Esd 2:58
61
Men te gen yon seri moun ki sòti nan lavil Tèl Melak, lavil Tèl Acha, lavil Kewoub Adan, ak lavil Imè nan peyi Babilòn epi ki te moute ak tout moun sa yo, atout yo pat ka rive fè konnen non zansèt yo ak non fanmi yo pou yo te ka fè wè yo fè pati pèp Izrayèl la vre.
Referans kwaze
Esd 2:59
63
Konsa tou, pami prèt yo te gen moun fanmi Obaja, Akòs ak Bazilayi. Zansèt moun Bazilayi sa yo te marye ak yon fanm nan fanmi Bazilayi, moun Galarad. Se konsa yo te pran non papa manman yo.
64
Moun sa yo pat ka jwenn rejis pou moutre ki moun ki zansèt yo. Konsa yo pat asepte yo pou prèt.
65
Gouvènè jwif la te di yo yo pat kapab manje nan manje yo mete apa pou Bondye a toutotan pat gen prèt ki konn sèvi ak Ourim yo ansanm ak Tourim yo pou wè sa Bondye di nan sa.
66
Antou nèt, te gen karanndemil twasanswasant (42.360) moun ki tounen sòti nan peyi kote yo te depòte yo a.
Referans kwaze
Esd 2:64
67
Avèk yo te gen sètmil twasantrannsèt (7.337) gason ak fanm ki te sèvi yo domestik. Te gen tou desan (200) gason ak fanm ki te konn fè mizik ak konn chante.
69
katsantrannsenk (435) chamo ak simil sètsanven (6.720) bourik.
70
Te gen kèk chèf ki te fè ofrann pa yo pou travay la san pèsonn pa fòse yo. Gouvènè a te bay pou mete nan kès la desanswasanndis (270) ons lò, senkant gwo plat pou sèvis, senksantrant (530) rad pou prèt yo mete sou yo ak onzmil sisankatrevenntrèz (11.693) ons ajan.
71
Chèf fanmi yo te bay pou mete nan kès la pou fè travay la: senkmil katsan (5.400) ons lò ak senkanteyenmil katsansenkant (51.450) ons ajan.
72
Rès moun pèp la te fè anpil kado tou. Antou, yo te bay senkmil katsan (5.400) ons lò, karannsimil sètsanswasanndis (46.770) ons ajan ak swasannsèt rad pou prèt yo.
73
Prèt yo, moun Levi yo, gad pòtay Tanp yo, mizisyen yo ak anpil nan moun pèp Izrayèl yo ansanm ak travayè Tanp yo, wi tout pèp Izrayèl la al rete nan lavil kote yo moun.
Referans kwaze
Esd 2:70-3:1
Referans kwa: OpenBible.info · CC BY 4.0
Vèsè Jou a
"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."
— Sòm 119:105
Wè vèsè konplè →Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a
Enskri gratis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol