Jozye 16
Haitian Contemporary Version
1 Tè ki te vin pou moun fanmi Jozèf yo te konmanse bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, sou bò solèy leve. Li sòti la, li moute nan mòn yo jouk li rive Betèl.
2 Li sòti Betèl, li moute Louz, li pase Atawòt, kote moun Aki yo te rete.
3 Baliz fontyè a desann apre sa bò solèy kouche, nan direksyon peyi moun Jaflèt yo jouk sou limit Bètowon, li pase rive Gezè, l'al bout nan lanmè.
4 Men pòsyon tè ki te vin pou fanmi de pitit Jozèf yo: Manase ak Efrayim.
5 Men tè yo te bay branch moun Efrayim yo pou yo separe bay chak fanmi yon pòsyon. Sou bò solèy leve, Atawòt, Adak te sèvi yo fontyè jouk Bètowon.
6 Baliz fontyè a sòti la, l'al bout nan lanmè Mediterane a. Li kite lavil Mikmetat sou bò nò li. Sou bò solèy leve, fontyè a vire desann bò Taanat-Silo, li pase bò kote l, sou bò lès lavil Janoa.
7 Li desann sòti Janoa, li pase lavil Atawòt ak Nara, li rive lavil Jeriko, l'al bout sou larivyè Jouden.
8 Li sòti Tapwa, li pran direksyon lwès jouk li rive nan dlo Kana, l'al bout sou lanmè a. Men tout pòsyon tè ki te vin pou branch fanmi Efrayim yo. Yo separe l, yo bay chak fanmi yon pòsyon,
9 ansanm ak lavil yo te pran nan mitan ti mòn moun Manase yo pou bay moun Efrayim yo.
10 Men yo pat rive mete moun Kanaran ki te rete lavil Gezè yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a moun Kanaran yo ap viv nan mitan moun Efrayim yo. Men, yo te fòse moun Kanaran yo fè kòve pou yo.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol