Jij 17
Haitian Contemporary Version
1 Te gen yon nonm yo rele Mika Li te rete nan zòn mòn peyi Efrayim.
2 Li di manman l konsa: — Lè yo te vòlò milsan (1.100) pyès lajan ou yo, ou te bay vòlò a madichon. Nou te tande ou ak pwòp zòrèy nou. Gade, men lajan an nan men m. Se mwen menm ki te pran yo. Manman an di l: — Se pou Senyè a beni ou, pitit mwen, pou sa!
3 Mika renmèt milsan pyès lajan yo bay manman l. Manman an di l konsa: — Mwen te mete lajan an apa pou Senyè a pou anyen pa rive ou, pitit gason mwen. W'a sèvi avè l pou fè yon zidòl, yon estati fonn nan moul. Se poutèt sa m'ap renmèt ou lajan an ankò.
4 Men, pitit la renmèt lajan an bay manman li. Madanm lan pran desan pyès lajan an, li bay yon bòs fè yon zidòl anbwa epi li fonn lajan kouvri li nèt. Li mete li lakay Mika.
5 Nonm Mika a te mete yon kote apa pou li menm l'al fè sèvis pou Senyè a. Li fè yon estati ansanm ak lòt ti zidòl wogatwa epi li chwazi yonn nan pitit gason li yo, li ba l pouvwa pou l sèvi l prèt.
6 Nan tan sa a, pat gen wa nan peyi Izrayèl la. Chak moun t'ap fè sa yo pito.
7 Te gen yon jenn gason ki te rete lavil Betleyèm nan peyi Jida. Se te yon moun nan fanmi Levi yo.
8 Li kite lavil Betleyèm nan peyi Jida a, li pati, l'al chache yon lòt kote pou l fè ladesant. Antan l'ap vwayaje konsa, li rive lakay Mika, nan mòn peyi Efrayim yo.
9 Mika mande l: — Kote ou sòti? Nèg la reponn: — Mwen se moun fanmi Levi, m sòti lavil Betleyèm nan peyi Jida. M'ap chache yon lòt kote pou m fè ladesant.
10 Mika di l konsa: — Vin rete lakay mwen non. W'a tou sèvi m konseye ak prèt. M'a ba ou dis pyès lò chak lanne, san konte rad ak manje.
11 Moun Levi a te dakò pou l rete lakay Mika ki te sèvi avè l tankou pwòp pitit gason l.
12 Mika menm bay moun Levi a pouvwa pou l sèvi l prèt. Se konsa, li rete nèt lakay Mika.
13 Lè sa a, Mika di konsa: — Kounyeya, mwen konnen Senyè a pral fè tout zafè m mache byen paske mwen gen yon moun Levi k'ap sèvi m prèt.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol