2 Wa 14
Haitian Contemporary Version
1 Wa Joas, pitit gason Joakaz la, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Amasya, pitit Joas, moute wa nan peyi Jida.
2 Li te gen vennsenkan lè sa a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan venntnèvan. Manman l te rele Jeojadan. Se te yon moun lavil Jerizalèm.
3 Li te fè sa ki dwat devan Senyè a, men pa tankou David, zansèt li a. Li te fè menm jan ak Joas, papa l.
4 Tansèlman, li pat kraze tanp bondye lòt nasyon yo, kifè moun yo te toujou al touye bèt, boule lansan nan tanp sa yo.
5 Lè Amasya santi li byen chita sou pouvwa a, li fè touye tout chèf nan lame a ki te touye papa l.
6 Men, li pat manyen pitit ansasen sa yo, paske, dapre sa ki ekri nan liv lalwa Moyiz la, Senyè a te di: Papa pa gendwa peye pou sa pitit li yo fè, ni pitit pa gendwa peye pou sa papa yo fè. Chak moun va peye pou sa yo fè.
7 Amasya te touye dimil (10.000) sòlda peyi Edon nan fon Sale a. Li goumen jouk li pran lavil Sela. Li rele l Jokteyèl, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a.
8 Apre sa, Amasya voye misyon bay Joas, pitit Joakaz, pitit pitit Jeou, wa peyi Izrayèl la, li mande l batay.
9 Joas voye reponn li: — Yon lè, yon touf pikan ki te sou mòn Liban voye yon misyon bay pye sèd la. Li di l konsa: Bay pitit gason m lan pitit fi ou la pou l marye avè l. Yon bèt nan bwa pase bò la, li kraze touf pikan an.
10 Se pou m di ou, Amasya, ou kraze moun peyi Edon yo. Kounyeya, ou santi ou grannèg anpil. M byen kontan pou ou. Gonfle lestonmak ou jan ou kapab, men rete sou sa ou fè a. Poukisa pou w'ap chache traka bay kò ou pou sa pase mal ni pou ou ni pou peyi Jida a?
11 Men, Amasya derefize koute l. Se konsa, Joas sòti ak lame li pou l'al goumen ak Amasya bò lavil Betchemèch nan peyi Jida.
12 Lame Izrayèl la bat lame Jida a byen bat. Tout sòlda peyi Jida yo vole gagè, y'al lakay yo.
13 Joas, wa peyi Izrayèl la, fè Amasya, wa peyi Jida a, prizonye lavil Bètchemèch. Lèfini li mache sou lavil Jerizalèm, li kraze miray ranpa lavil la depi nan Pòtay Efrayim rive bò Pòtay Kwen an sou yon longè sankatreven mèt antou.
14 Li pran dènye bagay lò ak bagay lajan li jwenn, tou sa ki te nan Tanp Senyè a ak tout richès ki te nan palè wa a. Li pote yo avè li lavil Samari, san konte kantite moun li te fè prizonye sou kondisyon.
15 Tout rès istwa Joas la, tou sa li te fè, jan li te vanyan sòlda lè li t'ap goumen ak Amasya, wa peyi Jida a, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
16 Lè Joas mouri, yo antere l lavil Samari nan kavo wa Izrayèl yo. Se Jewoboram, pitit gason l lan, ki moute wa nan plas li.
17 Amasya, pitit Joas, wa peyi Jida a, te viv kenzan ankò apre lanmò Joas, pitit Joakaz, wa peyi Izrayèl la.
18 Tout rès istwa Amasya a ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.
19 Yo moute yon konplo lavil Jerizalèm pou yo touye Amasya. Se konsa Amasya kouri al kache lavil Lakis. Men, lènmi l yo rapousib li, yo touye l.
20 Apre sa, yo mete kadav li sou chwal, yo tounen avè l lavil Jerizalèm, yo antere l lavil David la nan kavo zansèt li yo.
21 Tout pèp peyi Jida a pran Azarya, pitit gason Amasya a, yo fè l wa nan plas papa l. Azarya te gen sèzan lè sa a.
22 Se li menm ki reprann lavil Elat, li fè l tounen anba otorite wa Jida a, apre lanmò papa l.
23 Amasya, pitit Joas, t'ap mache sou kenzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Jewoboram, pitit Joas, wa peyi Izrayèl la, moute wa nan plas papa l. Li gouvènen nan lavil Samari pandan karanteyennan.
24 Men li fè sa ki mal nan je Senyè a, li te lage kò l nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la peche tou.
25 Se Jewoboram ki reprann tout zòn ki te pou peyi Izrayèl la depi nan Pas Amat la nan nò, rive Lanmè Mouri a nan sid, jan Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay Jonas, sèvitè l la, mesay la. Jonas sa a, pitit Amitayi, te yon pwofèt lavil Gatefè.
26 Senyè a te wè jan pèp Izrayèl la t'ap soufri anpil. Tout moun, jenn gason kou granmoun, t'ap pase pa yo. Pat gen pyès moun pou pote yo sekou.
27 Se konsa, li voye Jewoboram, pitit Joas la, pou vin delivre yo, paske se pat janm lide l pou l te disparèt yo sou latè.
28 Tout rès istwa Jewoboram lan, tou sa li fè, jan li te vanyan sòlda lè li t'ap fè lagè, jan li te fè lavil Damas ak lavil Amat sòti anba men moun Jida yo tounen anba otorite wa Izrayèl la, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa Izrayèl yo.
29 Lè Jewoboram mouri, yo antere l menm kote ak tout wa Izrayèl yo. Se Zakari, pitit li, ki moute wa nan plas li.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol