Sòm 6
Bible en Créole Haïtien (BSA)
1 O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou, ni ba m chatiman nan fachez Ou.
2 Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen chagren anpil. Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,
3 epi nanm mwen fè gwo chagren. Men Ou, O SENYÈ,—jiskilè?
4 Retounen, O SENYÈ, fè nanm mwen chape. Sove mwen akoz lanmou dous Ou a.
5 Paske mò yo pa rele non Ou. Nan andwa kote mò yo ye a, se kilès k ap bay Ou remèsiman?
6 Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m. Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo. Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan.
7 Zye m pouri nèt ak gwo doulè. Yo vin vye nèt akoz tout advèsè mwen yo.
8 Sòti sou mwen, nou tout ki fè mechanste yo, paske SENYÈ a te tande gwo kri mwen.
9 SENYÈ a te tande demand priyè mwen. SENYÈ a te resevwa lapriyè mwen.
10 Tout lènmi mwen yo va wont e deranje nèt. Yo va vire fè bak sibitman. Yo va vin wont anpil.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol