Sòm 84

Bible en Créole Haïtien (BSA)

1 A la abitasyon Ou yo bèl, O SENYÈ dèzame yo!

2 Nanm mwen anvi e menm gen gwo dezi pou lakou SENYÈ a. Kè m ak chè m chante avèk jwa a Bondye vivan an.

3 Zwazo a osi te twouve yon kay, e iwondèl la yon nich pou li menm, kote li kapab swaye pitit li yo pre lòtel Ou yo, Oh Wa m ak Bondye m.

4 A la beni sila ki demere nan lakay Ou yo beni! Y ap ba Ou lwanj jis pou tout tan.

5 A la beni nonm ki gen fòs li nan Ou, Nan kè a sila lide fè wout nan gran chemen vè Sion an ye.

6 Lè yo pase nan vale Baca a, yo fè l fè yon sous; Premye lapli a kouvri li avèk benediksyon.

7 Yo sòti nan fòs pou antre nan fòs yo. Yo chak parèt devan Bondye nan Sion.

8 O SENYÈ dèzame yo, tande lapriyè mwen. Prete zorèy Ou, O Bondye Jacob la! Tan

9 Gade byen boukliye nou an. Gade sou vizaj onksyone Ou a.

10 Paske yon sèl jou nan lakou Ou a, pi bon pase mil jou deyò. Pito m te geran pòt lakay Bondye mwen an, pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.

11 Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.

12 O SENYÈ dèzame yo! A la moun ki mete konfyans li nan Ou a beni!

chevron_left Cap. 83 84 de 150 Cap. 85 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis