Sòm 63

Bible en Créole Haïtien (BSA)

1 O Bondye, Ou se Bondye mwen. Mwen va chache Ou ak tout kè m. Nanm mwen swaf pou Ou. Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.

2 Konsa, mwen te wè Ou nan sanktiyè a, ak pouvwa Ou, ak laglwa Ou.

3 Akoz lanmou dous Ou pi bon pase lavi, lèv mwen va louwe Ou.

4 Pou sa, mwen va beni Ou tout tan ke m viv. Mwen va leve men m nan non Ou.

5 Nanm mwen satisfè konsi avèk ma zo ak grès, e bouch mwen ap ofri lwanj avèk lèv ranpli de jwa.

6 Lè m sonje Ou sou kabann mwen, mwen medite sou Ou nan vèy de nwi la.

7 Paske Ou te konn sekou mwen. Nan lonbraj a zèl Ou, mwen chante ak jwa.

8 Nanm mwen kole ak Ou. Men dwat Ou fè m kenbe.

9 Men sila ki chache lavi mwen pou detwi li yo, va desann jis nan fon latè.

10 Yo va livre a pouvwa nepe. Yo va tounen manje pou rena mawon.

11 Men Wa a va rejwi nan Bondye. Tout moun ki sèmante pa Li menm yo, va twouve glwa. Paske bouch a sila ki bay manti yo, va fèmen.

chevron_left Cap. 62 63 de 150 Cap. 64 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis