Sòm 63

Haitian Contemporary Version

1 (2) Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan manvi wè ou! Jan m'ap tann ou sa a! Se tout kò m k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli.

2 (3) Fè m antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m wè ou, pou m wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou.

3 (4) Renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou.

4 (5) Konsa ma pase tout lavi m ap di ou mèsi. Se ou menm sèlman m'a lapriyè.

5 (6) M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l. Wi, se konsa kè m ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m fè lwanj ou.

6 (7) Lè m kouche sou kabann mwen, lide m ap travay sou ou. Tout lannwit se ou m'ap kalkile.

7 (8) Paske se ou ki tout sekou m, m'ap rete kache anba zèl ou, m'ap chante sitèlman mwen kontan.

8 (9) Mwen kole kò m sou ou, se pouvwa ou k'ap soutni mwen.

9 (10) Men, moun k'ap chache touye m yo, yo gen pou yo desann kote mò yo ye a.

10 (11) Yo gen pou yo mouri nan lagè, chen mawon gen pou manje kadav yo.

11 (12) Men, Bondye ap fè kè wa a kontan. Tout moun ki mete non l devan va gen kè kontan tou. Men, y'ap fèmen bouch moun k'ap bay manti yo.

chevron_left Cap. 62 63 de 150 Cap. 64 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis