Sòm 11

Haitian Contemporary Version

1 (1b) Se bò kote Senyè a mwen jwenn pwoteksyon. Kijan ou ka fè di mwen: Jete ou nan mòn, Vole jete ou tankou zwazo,

2 paske mechan yo pare banza yo, y'ap vize ak flèch yo pou yo tire nan fènwa sou moun k'ap mache dwat yo?

3 Ou di lè tout prensip tèt anba, kisa moun dwat ka fè?

4 Senyè a nan kay ki apa pou li a, li gen fòtèy li nan syèl la. L'ap gade lèzòm: li konnen sa y'ap fè.

5 Kit yo bon, kit yo mechan, Bondye ap gade sa y'ap fè. Li pa vle wè moun k'ap fè mechanste.

6 Li voye chabon dife ak souf cho sou mechan yo tankou lapli. Li soufle yon van cho kou dife sou yo. Se sa yo tout yo merite.

7 Senyè a pa nan patipri, li renmen lè moun fè bagay ki byen. Moun ki mache dwat yo va parèt devan li.

chevron_left Cap. 10 11 de 150 Cap. 12 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis