Sòm 14
Haitian Contemporary Version
1 (1b) Moun fou yo di nan kè yo: — Pa gen Bondye. Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann vye bagay sal. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.
2 Senyè a rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l.
3 Men yo tout pèdi chemen yo. Yo tout lage kò yo nan vis. Pa gen yonn ladan yo ki fè sa ki byen, non, pa menm yon sèl ladan yo.
4 Senyè a di: — Moun sa yo k'ap fè mechanste yo, se konnen yo pa konnen? Y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen!
5 Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble paske Bondye la avèk moun ki mache dwat yo.
6 Y'ap pase sa malere yo gen lide fè a nan betiz, men se nan Senyè a malere yo mete konfyans yo.
7 Oo! Kilè Bondye va sòti sou mòn Siyon an pou l vin delivre pèp Izrayèl la? Lè Senyè a va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol