Sòm 140

Haitian Contemporary Version

1 (2) Senyè, delivre m anba mechan yo non! Pwoteje m anba ansasen yo non,

2 (3) anba moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife.

3 (4) Lang yo se razwa. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.

4 (5) Senyè, pa kite m tonbe anba men mechan yo, pwoteje m anba ansasen yo k'ap chache jan pou yo fè m tonbe.

5 (6) Awogan yo pare yon pèlen pou mwen, yo tann pèlen kòd pou mwen, yo mete moun veye m sou tout chemen mwen.

6 (7) Mwen di Senyè a: — Se ou ki Bondye mwen. Koute m non, Senyè, lè m'ap rele nan pye ou.

7 (8) Senyè, Bondye mwen, ou se fòs ki pou sove m lan. W'ap pwoteje m lè batay la mare.

8 (9) Senyè, pa kite mechan yo fè sa yo gen lide fè a! Pa kite sa yo vle fè a rive!

9 (10) Pa kite moun ki pa vle wè m yo donminen sou mwen. Se pou mechanste ki nan bouch yo a tonbe sou yo!

10 (11) Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli. Se pou l fè yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo p'ap janm ka leve sòti.

11 (12) Se pou moun k'ap pale moun mal yo pèdi pye nan peyi a. Se pou malè tonbe sou ansasen yo pou l touye yo.

12 (13) Mwen konnen Senyè a va fè pòv yo jistis. L'a defann kòz moun ki san sekou yo.

13 (14) Wi, moun k'ap mache dwat yo va fè lwanj li. Moun ki obeyi l yo va toujou viv devan l.

chevron_left Cap. 139 140 de 150 Cap. 141 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis