Sòm 122

Haitian Contemporary Version

1 (1b) Ala kontan mwen te kontan lè yo di m: — Ann ale lakay Senyè a.

2 Kounyeya, men li: nou rive devan pòtay lavil Jerizalèm.

3 Jerizalèm, ou se yon lavil yo rebati, yon lavil kote tout bagay byen ranje.

4 Se la tout branch fanmi yo ap vin sanble. Tout branch fanmi pèp Senyè a, se la y'ap vini pou di Senyè a mèsi, jan li te ba yo lòd pou yo fè a.

5 Se la pitit pitit David yo rete pou yo dirije, pou yo gouvènen pèp la.

6 Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze.

7 Se pou pa gen lagè sou ranpa lavil la. Se pou nan palè wa a tout moun viv ak kè poze.

8 Poutèt fanmi m yo ak zanmi m yo, m'ap di: Benediksyon Bondye sou lavil la!

9 Poutèt kay Senyè a, Bondye nou an, ki nan lavil la, m'ap mande Bondye pou fè kè ou kontan.

chevron_left Cap. 121 122 de 150 Cap. 123 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis